• Latest

Gason se fot?

14 août 2026
ADVERTISEMENT
Bonne journée, les jeunes !

Bonne journée, les jeunes !

14 août 2026
Ekriven sou kondisyon

Ekriven sou kondisyon

24 juillet 2026
Cinéma Nous forme 30 jeunes à la production de films documentaires à Jacmel

Cinéma Nous forme 30 jeunes à la production de films documentaires à Jacmel

22 juillet 2026
Abécédaire de voyage 

Abécédaire de voyage 

22 juillet 2026
« Dany Retounen Tigwav » : L’immortel Dany Laferrière, un écrivain gâté sous les fleurs de la jeunesse de Petit-Goâve

« Dany Retounen Tigwav » : L’immortel Dany Laferrière, un écrivain gâté sous les fleurs de la jeunesse de Petit-Goâve

22 juillet 2026
Ombres Spirales : ce film-poème de Wood-Jerry Gabriel tient son avant-première à Jacmel

Ombres Spirales : ce film-poème de Wood-Jerry Gabriel tient son avant-première à Jacmel

18 juillet 2026
Et si Scaloni avait résolu le plus grand débat du football argentin ?

Et si Scaloni avait résolu le plus grand débat du football argentin ?

17 juillet 2026
Les étudiants de la FMP intensifient leurs revendications pour la réouverture de l’HUEH

Les étudiants de la FMP intensifient leurs revendications pour la réouverture de l’HUEH

3 juillet 2026
« Nous sommes des compétiteurs » : Sébastien Migné clarifie sa mission après l’élimination d’Haïti au Mondial

« Nous sommes des compétiteurs » : Sébastien Migné clarifie sa mission après l’élimination d’Haïti au Mondial

24 juin 2026
Darlin Johancy Michel : « Faire de la musique, c’est déjà un acte de résistance »

Darlin Johancy Michel : « Faire de la musique, c’est déjà un acte de résistance »

22 juin 2026
Marbial : Deux journées de formation sur le changement climatique au profit des agriculteurs et éleveurs

Marbial : Deux journées de formation sur le changement climatique au profit des agriculteurs et éleveurs

20 juin 2026
CdM 2026 : Haïti affrontera le Brésil sans pression

CdM 2026 : Haïti affrontera le Brésil sans pression

19 juin 2026
  • À propos
  • Politique de confidentialité
  • Contact
vendredi, août 14, 2026
  • Login
No Result
View All Result
Vive Voix Info
  • Acceuil
  • National
    • Société
      • Justice
      • Éducation
      • Médias & Société
    • Politique
    • Population
    • Économie
    • Environnement
    • Revue de Presse
  • International
  • Idées & Débats
    • Éditorial
    • Chroniques
      • Tous Humains
    • Tribune
    • LIDEE
  • Culture
    • Musique
    • Littérature
    • Cinéma
  • Sport
    • Football
    • Basket-ball
    • Tennis
  • Multimédias
    • Vidéos
    • Podcast
  • English
  • Acceuil
  • National
    • Société
      • Justice
      • Éducation
      • Médias & Société
    • Politique
    • Population
    • Économie
    • Environnement
    • Revue de Presse
  • International
  • Idées & Débats
    • Éditorial
    • Chroniques
      • Tous Humains
    • Tribune
    • LIDEE
  • Culture
    • Musique
    • Littérature
    • Cinéma
  • Sport
    • Football
    • Basket-ball
    • Tennis
  • Multimédias
    • Vidéos
    • Podcast
  • English
No Result
View All Result
Vive Voix Info
No Result
View All Result
Home Chroniques

Gason se fot?

Litainé LaguerrebyLitainé Laguerre
1 heure ago
in Chroniques
Reading Time: 8 mins read
A A
0
VIEWS
Partager sur FacebookPartager sur TwitterPartager sur WhatsApp

Menm jan yon fanm pa chwazi fèt fanm, yon gason nonplis pa chwazi fèt gason. Li pa chwazi ni istwa tout gason ni manigans jenerasyon anvan li yo

Gen yon kesyon nou pa janm oubyen souvan poze sou tab la : kisa yon gason ye vre, lòske kèk diskou ki chita sou rapò fanm ak gason, prezante gason anvan tout bagay kòm yon senp pwen k ap benefisye yon sistèm ki mande jete?

Kesyon an gen tout plas li san n pa oblije mete l fasafas ak fanm yo ni ak mepri fas enjistis yo ap sibi ni voye krache sou kèk batay yo antame pou kraze enjistis yo. Vyolans fanm yo ap sibi yo la devan je nou. Diskriminasyon yo la devan je nou. Zak tizonnay yo la devan je nou. Inegalite yo yo la devan je nou. Goumen kont tout vye zak sa yo se plis pase yon nesesite. Men goumen pou tabli egalite a pa ta dwe ouvè pòt pou yon lòt lojik kote gason an anvan menm li komèt nenpòt bagay, li gentan jwenn li nan kan mechan yo, kan zakè yo. Tankou depi l gason li tou zakè.

Menm jan yon fanm pa chwazi fèt fanm, yon gason nonplis pa chwazi fèt gason. Li pa chwazi ni istwa tout gason ni manigans jenerasyon anvan li yo. Alòs, li pa t dwe tou mache ak so responsabilite tout enjistis lòt gason fè nan fwontenn li. Ta sanble se pou sèl gason responsabilite yon zak se pa zakè a sèlman men pou tout moun ki fèt epi ki gen menm sèks ak li. Yon gason ki agrese yon fanm dwe toujou peye pou zak li a. Yon gason ki maspinnen yon fanm dwe peye pou zak li a. Yon gason k ap mache ak bwat tizonnay li dwe peye pou sa. Pou kò l. Ta sanble se pa sa bagay la ye. Se pito yon egalite miwo miba, yon egalite pitit deyò pitit anndan.

ArticlesSimilaires

Bonne journée, les jeunes !

Palabres aux gens du Nord  

J’accuse

L’éducation en Haïti : un miroir des inégalités sociales

Se la yon lòt kesyon mete pye.

Si se vre, nou vle tout bon pou n soti nan rapò tradisyonèl fanm ak gason an, èske n prè pou rebat kat la nan tout limit li, ak tout obligasyon ki mache ak mòd rapò sa yo, menm sila yo ki se gwo benefis fanm yo fè sou li yo? Paske li se yon gwo kontradiksyon pou n ap denonse sistèm patriyaka a nan tout kontrent li enpoze fanm yo, pandan n vle konsève kèk liy tradisyonèl paske :

  • 1) li enpoze gason yon obligasyon
  • 2)li ofri fanm yo yon avantaj.

Nou pa gen pou n di nonplis se tout fanm ak tout feminis ki aji konsa. Se t ap voye wòch la sou pwòp tèt nou ankò. Se yon pwoblem koyerans. Si nou vle egalite a vre, fòk nou chache l menm kote li pa bon pou nou an.

Lajan. Depans koup la.

Nou tout dakò yon fanm dwe gen lajan pa l pou l pa depandann de yon gason. Men se menm feminis sa ki di w lajan gason se yon kòb tou fèt. Lajan gason twò dous, se yon kòb kach san redi. Sa fè gason an kontinye se moun ki dwe peye a. Moun ki pote tout chay depans yo sou do l. E lè li derefize, yo rele l kou rèd. Do kiyè fè. Kripya. Si nou vle kraze wòl ekonomik tradisyonèl yo, poukisa mak sa li menm dwe rete? Se pa yon demann pou fè gason pa peye anyen. Men kesyon an lejitim: poukisa sa ki te dwe yon chwa pèsonèl kontinye rete tankou yon obligasyon moral jis paske l se gason?

Estati sosyal gason an ( lajan pou w genyen)

Kontradiksyon ap taye banda l nan chwa patenè yo.

Inscrivez vos enfants dès maintenant Inscrivez vos enfants dès maintenant Inscrivez vos enfants dès maintenant
ADVERTISEMENT

Li lejitim pou yon fanm vle yon nèg ki reponn avè l entèlektyèlman, afektivman e menm nan nivo mounite. Dayè li gen dwa te kòmanse ak youn li fini ak yon lòt, epi feminis lan ap jis reponn ou : »on ne quitte pas le bonheur ». Gason an dwe gen yon bon sitiyasyon ekonomik, yon vye kontanbank pou asire sekirite nan tout sans. Yon lo egzijans ki pa egziste pou medam yo. Renmen gen pri l. Dayè gen yon manman feminis ki te di tout fanm pa gen menm pri. Yon diskou ki vle di ou menm gason, mezi lajan w, mezi wanga w. Oubyen tou, li t ap pi bon pou tout fanm mete pri yo sou fwontenn yo, sou tete yo, pou gason ki sou achte tou konnen ak konbyen kòb pou yo mache.

Men kisa ki dèyè tout lide ki fè feminis sa yo vle kenbe liy tradisyonèl sa? Se jis paske kwen sa bon pou yo: gason se yon sous, fanm nan jwi benefis la. Poutan nou pa ka ap denonse move tandans sa paske l fèmen fanm yo nan depandans pandan nou kontinye kenbe l nan valorize gason pou sa yo ye materyèlman.

Kiyès k ap kenbe timoun yo.

Gason pa konn gen pitit.

Koze pitit isit, se yon lakou san lantiray. Nou di papa apre separasyon an dwe pran responsabilite l. Se nòmal, se yon devwa. Men an pratik, gen yon bò nou pa janm vle gade. Wòl tradisyonèl yo kontinye menm jan an. Pandan n ap denonse gason ki di pou yo pran swen pitit la fòk yo kontinye gen aksè ak kilòt manman an. Nou pa janm denonse koze se manman an ki dwe toujou kenbe timoun yo sou baz se li menm ki pi byen konnen bezwen timoun yo paske li se fanm. Papa a dwe peye. Li dwe asire depans yo. Tout sa l vo se pòch li. Men kou l vle jwi yon lòt plas nan lavi pitit la, wè pitit la menm nan moman se pa lajan pote. Nan moman se pa fèt timoun nan. Nan moman se mezi inifòm timoun nan pral pran. Enbyen la, sitiyasyon an pi konplèks. Paske manman aprann, si pitit la ret nan men papa a, l ap pèdi privilèj ki mache ak kenbe pitit la. Alòs li lonje kat manman l devan lasosyete, epi yo mete papa a deyò sant deba a paske l se papa. Dayè gason pa konn gen pitit. Pawòl sa klewonnen tout kote lè li bon pou manman an. Se yon trè paralèl miwo miba tradisyonèl.

5. Gason = sous

Nou te eflere pwen sa pi wo. Men li enpòtan pou n ba l yon pwen pou kò l. Paske nan anpil relasyon, menm nan mitan feminis yo, gason se gason se parapò ak echèl sa l ka pote. Konbyen kòb nèg sa genyen? Konbyen l touche nan yon mwa? Kisa l ka fè pou ou? Kote l soti? Ki ran l? Lè n ap soti, kijan l ap mennen w soti? Nan ki mòd kay l ap mete w? Li ka pran swen fanm? Bouda l pa chire pi mal pase riyèl? Sa l ka fè pou pitit ou?

Yon feminis k ap denonse yon sosyete k ap gade fanm sou kò yo, sou kapasite yo dwe genyen pou pran chay domestik yo sou do yo, kijan menm feminis kapab alèz pou viv nan menm sosyete sa k ap redwi gason ak pòch li, pòtray li,..?

Alòs, èske pwoblèm nan se feminis lan? Non. Non. Non. Li t ap twò fasil pou n di feminis yo ipokrit, yo se tanbou de mouda. Anplis, li pa t ap vre. Feminis lan chaje branch. Yon dividal feminis ap kritike egzakteman wòl tradisyonèl yo enpoze gason ak fanm. Gen yon bann lòt k ap milite pou yon responsabilite daplon. Kidonk, kritik la dwe plis santre. Sa n dwe sonde yo se kalte diskou k ap reklame egalite lè libere kontrent yo yon bò, menm moun sa yo pe bouch yo lè egalite sa enplike kèk avantaj tradisyonèl. Paske egalite a pa ka yon baton k ap voup pou bourik la pandan w sou do bourik la.

Li pa ka:

« Mwen pa vle rantre nan obligasyon wòl tradisyonèl yo. » Epi : »gason dwe jwe wòl gason l. »

Si gason dwe sispann yon pòch, fanm nan dwe dakò yon pataj reyèl depans finansyè yo. Se pa fanm nan la pou ede lè gason an fè fayit, lè pòch li chire nan wout. Non. Yon pataj reyèlman reyèl. Elt… Si estati ekonomik fanm nan pa yon kritè pou l jwenn yon patnè, gason an tou ta dwe ka renmen san presyon. Si de paran yo egal, egalite a dwe manifeste tou nan plas yo chak dwe jwenn bò kote timoun yo.

E gason an nan tout sa?

La n tounen kote n te soti a. Ti gason jodi a ap leve nan yon monn kote yo mande l fè plizyè bagay kontradiktwa alafwa. Yo di l pa dwe konsidere fanm tankou yo depann de li, men yo kontinye ap tann pou se li ki peye. Yo di l pa defini valè l parapò ak lajan li genyen, men estati ekonomik li se yon pwen santral nan jan y ap apresye li nan espas la. Yo di fòk li ka esprime emosyon li, men vilnerabilite l ak sansibilite l se yon blag. Yo di l fòk li pa repwodwi modèl tradisyonèl yo, men yo kontinye fouye li nan moul lan pou ranpli yon dividal fonksyon tradisyonèl.

Kilè yon gason ap yon moun pandan l kontinye gason?

Pou l aprann respekte fanm sa l pa pè yo? Pou l responsab san l pa fèt tou koupab pou istwa yo pral rakonte l? Pou l fò san l pa kache vilnerabilite l? Pou l aprann bay san sa pa yon obligasyon ki lye ak sèks li? Paske si n ap soti nan patriyaka a, ann soti nèt. Oubyen si se negosye n ap negosye kiyès ki pral benefisye ansyen nòm ak règ tradisyonèl yo, jis mete tout moun alèz. Konsa n ap konnen koze liberasyon moun pa nan liy nou.

Tags: Contradictions du féminismedroits humainsdwa fanmféminisme modernemasculinitéresponsabilités parentales
Litainé Laguerre

Litainé Laguerre

Litainé Laguerre est étudiant en Sciences du langage à la Faculté de Linguistique Appliquée (FLA) de l'Université d'État D'Haïti (UEH). Il est écrivain, poète, traducteur, transcripteur, coordonateur général de Kolektif Jèn Solèy ( KOJES ).

Lisez aussi

Bonne journée, les jeunes !

Bonne journée, les jeunes !

byAr Guens Jean Mary
14 août 2026
0

Je doute fort qu'une jeunesse qui répète « autonomisation » sans interroger le système qui l'oblige à se débrouiller soit...

Palabres aux gens du Nord  

Palabres aux gens du Nord  

byAr Guens Jean Mary
4 décembre 2025
0

Plus je côtoie mon pays d’abricot, plus je l’aime au-delà du CPT. Ce pays avec ses villes d’Omabarigore et des...

J’accuse

J’accuse

byCathiana Désiré
22 août 2025
0

Le mandat de la MINUJUSTH consiste à soutenir les autorités haïtiennes pour défendre l’État de droit. © Leonora Baumann /...

L’éducation en Haïti : un miroir des inégalités sociales

L’éducation en Haïti : un miroir des inégalités sociales

byCathiana Désiré
31 mars 2025
0

L’école haïtienne est l’espace par excellence de la manifestation des inégalités et des discriminations en Haïti. Elle reproduit et renforce...

Regard sur les différents moments de la lutte féministe en Haïti : 1803-2025

Regard sur les différents moments de la lutte féministe en Haïti : 1803-2025

byCathiana Désiré
8 mars 2025
0

Pour comprendre l’histoire de la lutte féministe et des femmes en Haïti, il nous faut d’emblée porter notre attention sur...

Frankétienne : libere zèv li yo

Frankétienne : libere zèv li yo

byLitainé Laguerre
5 mars 2025
0

Kèk jou deja depi Frank pati kite nou. Kèk jou tou depi tè fè kabann pou li. Lanmò pa ka...

Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Pour vous

Salon Liv Pòtoprens : yon ti plas pou lakilti

Salon Liv Pòtoprens : yon ti plas pou lakilti

3 ans ago

Chroniques | Les fondamentaux des Droits humains

3 ans ago

Cela pourrait vous intéresser

  • Ekriven sou kondisyon

    Ekriven sou kondisyon

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Cinéma Nous forme 30 jeunes à la production de films documentaires à Jacmel

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Abécédaire de voyage 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • « Dany Retounen Tigwav » : L’immortel Dany Laferrière, un écrivain gâté sous les fleurs de la jeunesse de Petit-Goâve

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Ombres Spirales : ce film-poème de Wood-Jerry Gabriel tient son avant-première à Jacmel

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Connect with us

Vive Voix Info

VVI

Vive Voix Info est un site d'informations généralistes, d'analyses et de contenus multimédias . Nous sommes un média citoyen.

Articles récents

  • Gason se fot?
  • Bonne journée, les jeunes !
  • Ekriven sou kondisyon
  • Cinéma Nous forme 30 jeunes à la production de films documentaires à Jacmel
  • Abécédaire de voyage 

Commentaires récents

  • GRESKA annonce une journée d'études sur le créole haïtien - Vive Voix Info dans Protocole d’entente entre le FNE et l’UEH pour l’accompagnement des étudiants.
  • KOJÈS : Ronalson Blanfort et Ernsoule Baltimo, récompensés pour leurs récits du “Peyi Lòk” - Vive Voix Info dans JACMEL – Un certificat « Honneur et Mérite » décerné au journaliste senior Monose Jeudi
  • Odelaire Bain dans La résilience des déplacés internes face à la violence des gangs en Haïti
  • Marx Darwin Michel dans Élection de Vladimir Poutine, un troisième mandat consécutif à la tête du Kremlin
  • Jackson Louis dans Chroniques | Les fondamentaux des Droits humains
  • À propos
  • Politique de confidentialité
  • Contact

© 2026 Vive Voix Info

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
No Result
View All Result
  • Acceuil
  • National
    • Société
      • Justice
      • Éducation
      • Médias & Société
    • Politique
    • Population
    • Économie
    • Environnement
    • Revue de Presse
  • International
  • Idées & Débats
    • Éditorial
    • Chroniques
      • Tous Humains
    • Tribune
    • LIDEE
  • Culture
    • Musique
    • Littérature
    • Cinéma
  • Sport
    • Football
    • Basket-ball
    • Tennis
  • Multimédias
    • Vidéos
    • Podcast
  • English

© 2026 Vive Voix Info