Menm jan chita lekòl epi byen aprann pa sifi pou garanti w yon pi bon kondisyon lavi a, se menm jan tou li pa sifi pou fè w ekriven isit. Plim nan se yon senbòl. Tout moun k ap evolye nan milye literè a konnen sa menm si yo fè tankou yo pa konnen l. Isit pibliye yon bon tèks pa t janm limit la. Gen yon pwotokòl an silans, yon chimen ki trase san okenn endis sou li pa ekri nan okenn regleman. Majorite moun konn kijan pou yo fè pou respekte l tankou kretyen devan sentsèn. Men kijan w ekriven :
1- Ou bezwen yon mezon prezantasyon
Se pa yon mezon edisyon. Non. Jis yon mezon pou prezantasyon. Se nan nyans lan djab la plwaye ke l. Se pa yon travay editoryal ou bezwen. Yon liy editoryal djanm ki respekte tèt li. Sa w bezwen, se yon estrikti ki ka pote non l vle, lè l vle epi jan l vle ki pou òganize lansman an pou ou, envite tout moun ki makonnen ak yo, distribiye afich tout koulè sou tout platfòm sa k sanble ranble, nan tout gwoup meli melo, sou tout estati tout ti plim. Pran foto devan banyè ak wòlòp. Tout sa yo nèt se anvan liv la. Se evènman an ki zèv la. Pa gen diskisyon sou tèks la. Men pito sou frechè ki plis frape a, sou kiyès ki te vin koule byè. Anpil liv serye ap dòmi nan pousyè, fèmen nan paj kaye paske yo pa ka asire tout mizansèn sa. Yo pa pami moun ki ka fete ni premye ni inyèm anivèsè soti liv yo.
2. Mistè / Mesye Blan
Vole ponpe, el blanco toujou fè yon jan pou l jwe yon wòl santral nan demen nou. Nou ka di sa san kè sote. Pou w se ekriven nan espas la, fò w konnen validasyon pa plante isit. Se Loksidan ki manman an, sitou Lafrans. Dayè nou ka konte sou dwèt – e li p ap rive sou 7- konbyen ekriven ayisyen ki se ekriven pou ayisyen san se pa Loksidan ki bay modòd la. M pa janm bliye vye zanmi m nan ki te di m li renmen devouman m nan sa m ap fè nan koze ekri an kreyòl mwen an, men se envite y ap toujou envite m vin rankontre lòt ekriven ki nan menm kalib avè m men yo gen avantaj blan an sou mwen. San yon pri fransè, ou pa ekriven. San yon piblikasyon aletranje ou pa yon ekriven. Ou se yon ekriven « lokal ». Menm apre senk bon liv ou rete yon « ekriven espwa ». Pou sila ki pibliye aletranje deja a, pa manyen liv li. Paske li se ekriven. Epi tout sa w di de li ki pa fè l byen, se rayiman, adjektif ayisyen chen manje chen. Etranje a tèlman fò, li gen ase fòs pou fè menm mezon edisyon ki gen menm kapasite avè l isit mache dèyè l. Poutan etranje a pa menm bezwen nou pou l egziste. Kèk fwa mezon edisyon etranje a pa menm vo lapèn pou etranje parèy li. Men nou tèlman anrasinen nan depandans lan, tout myèt fè n kontan. Paske etranje a egal karyè.
3. Fò w enskri klè nan lekòl kolòn ki bat
Si w pou kò w ou deja echwe. Talan w pa sifi. Se vre koze talan an nou tout pa pran li menm jan. Men travay sou talan p ap abouti okenn kote. Ou bezwen yon klan, yon jenerasyon. Paske fòk batay la kare. Fòk bòz la jwenn tè pou fè liv la mache paske sa fè lontan depi moun pa li san zen. Jèn ekriven fas ekriven granmoun. Ekriven gason fas ekriven fanm. Ekriven vivan fas ekriven ki mouri. Mwen te di yon frè m apre yon diskisyon sou Jessica Nazaire, « bon depi w mouri ou bon ekriven, e ou menm poukisa w kanpe ap pale avè m la toujou. » Se pa t lanmò frè a mwen te vle. M te jis vle pou yo kontinye pale de li menm aprè lanmò l. M te jis vle l imòtèl. Wi, ou bezwen yon bon kolòn pou prefas, remèsiman ak entèvyou. Klan an ap vide atik sou ou, fè w jwenn tout rezidans pou zèv ou kontinye fè bri. Sa lòm fè lòm Bondje ri sa, si yo chanje chemiz pou ou, fòk ou swe pou yo : zanmi se zanmi, pa ouvri bouch ou mal sou zèv pa yo anretou. Tout fraz merite gwo bravo paske se nou. Tit la pa bon, bravo paske se nou. Yon sistèm ban m, m ap ba w. Rad sal, menm si se san, se fanmi ki lave sa. Sofke, literati pa konn sa. Tout lektè pa egare.
4. Fòk ou gen ti lis nwa w
Dènye jou sa yo, fenomèn nan pran yon lòt pik. Tout moun pe tankou li te nòmal. Zanmi an pa reponn envitasyon lòt la paske yon manm nan gwoup la te di liv li pibliye a pa bon. Tout gran konesè liv pral mande m kilè yon liv pa bon. Mwen pa konnen. Sa m konnen depi l pa bon, li pa bon. Anvan l pibliye se pase men. Espas literè a isit la pa danse kole ak kritik fasafas. Depi bouch ou chape pou di yon bagay ki pa fè ekriven an byen, li ajoute w sou lis menas li. Li mobilize kolòn li pou tcheke tit pou ou, gade laj ou pou andikap, pran sosyoloji w sou beki tankou se li ki te ekri liv la nan plas ekriven an. Enbyen, si l se yon gwo ekriven ki te gentan boule tout kat etap sa yo jouk li chita tankou referans validasyon an, kritik ou bani w nan tout festival, ou p ap ka rankontre pèsòn nan espas la. Pwojè kolektif yo pa gen non w ladann. Yo bife non w tout kote ki gen pou wè ak yon ti lavi kominyon. Espas la pa vle w. Pèsòn p ap vin di w sa. Men silans ki fèt sou ou a ap di w sa. Silans pa konn bay manti. Depi w ka kritike onètman konnen ke w sou do w tout bon. Malgre se kritik onèt sa literati a bezwen pou l viv byen.
Kidonk, sistèm nan pa pran talan oserye. Li pa bezwen efò k ap fèt pou yon bon pwodiksyon literè. Bagay sa yo nwi l. Se aksesibilite ki tout li menm. Fòs li se nan kolòn ki bat. Li pase anba pye tout sa ki ka kenbe literati a kanpe : kontradiksyon, deba, dezakò ant youn lòt sou yon tèks, sou yon lide, sou yon panse, sou yon liv, sou kouran literè, yon fenomèn… Represyon ideyolojik yo ranpòte lamayòt sou zèv yo. Yon literati ki pa danse kole ak kritik sou pwòp tèt li se yon literati sentiwon, pase anwo pase anba n a kontre la. Pandanstan, yon dividal tèks san kwa manman ni kwa papa k ap mache san achte kredi nan men pèsòn rete ap toufe paske pa gen vwa pou pote yo. Pa gen fatalite nan pwodiksyon sosyal. Men toutotan nou kontinye ap kouri san gade pwoblèm nan an anfas, nan bay tèt nou manti espas literè a p ap sibi pwa senkant kondisyon sa yo, nou fenk kare nan kouri sou kijan yon zèv ayisyen ap viv nan espas piblik la.






















