Salon Liv Pòtoprens (VVI)

Vandredi 15 desanm 2023 a, nan Sant Kiltirèl Karayib, menm jan sa te anonse depi plis pase yon mwa a, se te premye edisyon Salon Liv Pòtoprens lan. Nan yon peyi kote tout plan politik kit entènasyonal oubyen lokal, se pou fè chak bouch k ap pale de nou dwe yon bouch k ap pwononse yon pawòl de grenn goch : moun ki vle ale, moun ki gentan ale, moun k ap kouri pou bal, moun k ap kache kont kidnaping… Pa bezwen twòp anafò pou bay imaj peyi a. Nou sèlman bezwen gade gran tit nan jounal k ap pale de peyi a. Vandredi 15 lan, san totalman demanti sa k ap di yo, piblik la te reponn. Otè te vini ak sa yo te dwe vini. E pami yo, nou te ka konte : Jeudinéma, Luis Bernard Henry,… kidonk, deko a te plante pou yon bon jounen liv.

Alòs, li se yon lide wotpòt pou yon gwoup etidyan deside, malgre tout sa n konnen peyi a ap konnen depi kèk ane, pou marande sa ki merite marande pou bay lakilti yon ti plas nan yon Pòtoprens ki depi kèk tan pèdi eskanp figi l. Yon Pòtoprens k ap chache pwòp tèt li anba bri bal. Kouri desann Kafou Fèy. kouri moute anba Lavil. Pou yon rezon nou tout konnen e Leta a pi byen konnen pase nou tout.

Salon Liv potoprens lan pa premye aktivite kiltirèl ki fèt pou ane a nan Potoprens. Nou tout konnen sa. Pyèj ki egzije yon kategori pou chak bagay la pa dwe antre la. E sèl jan nou dwe aji pou nou pa tonbe nan pyèj sila, se nan bay ochan pou chak grenn aktivite ki vle kenbe peyi a vivan. Chak gwoup moun ki jije bon pou mete men yo nan pat ki deja twò lou a, pat pou fè pat tomat la. Chak grenn aktivite k ap anbrase kilti a. Dayè, li pa yon sezisman pou pèsòn, sa fè yon pakèt tan depi pèsonn paka kare lestomak yo lè kesyon lakilti rantre nan deba a.

Pledwaye pou enstitisyonalizasyon espas yo.

Tout pwoblèm ki afekte sistèm politik peyi a afekte tout rès domèn yo, si n ka fè konsta nou konfyans. Se sa ki rann jodi a bri kouri a ka bay tèl gwoup moun ap òganize tèl aktivite. Epi demen, kèk nan menm gwoup sa al plakade afich pou yon lòt aktivite nan menm domèn nan san panse ak ak Enstitisyonalize aktivite sa yo.

Alòs, menm jan ak yon pil lòt gwo aktivite liv e menm sa ki fèt nan lòt domèn yo rete yon enstitisyon vivan nan peyi a, Salon Liv Potoprens lan dwe suiv menm wout la. paske se pa aktivite peyi a manke. Se pa moun kontre moun nan k ap kouri pou peyi a. Men se pito enstitisyonalizasyon espas yo ki manke. Se ase senti ki pou kenbe, ase bouch (ta sanble ki pa genyen) pou di nenpòt jan sa ye, espas la ap toujou rete sa l ye a.

Boutofen, mwen rete kwè premye pari sa ekip Salon Liv Pòtoprens lan ak tout lektora a ranpòte a dwe rete yon randevou anyèl, yon randevou enstitisyonèl ki kase pou tout moun. Paske se nan enstitisyonalizasyon espas yo, n ap jwenn plis posibilite pou pwopoze yon lòt imaj de peyi a, kit nan domèn lakilti kit nan lòt yo. Paske pa gen perenizasyon san enstitisyonalizasyon.

kredi foto : Salon Liv Pòtoprens