Depi yon mwa, timoun ak jèn nan Laplèn nan Site Solèy pa janm wè pòt okenn lekòl louvri. Lopital remèt malad ki te nan men yo. Wout ki louvri sou bouske lavi pou manman ak papa ki pa gen okenn lòt mwayen apre viv ojoulejou bloke. Depi yon mwa. Pandanstan, nan kèk jou se egzamen ofisyèl yo.
Si memwa nou pa twò kout, pèsòn pa t ap bezwen ni ekri ni wouke nan okenn mouvman pou mande Leta vire je gade Laplèn ak tout rès komin Site Solèy la. Yon zòn Leta te trase fwontyè limit li la nan konte inondasyon ki mete dlo pi wo pase kabann anndan yon kay epi glasiye tout kote ak fatra ki sot anwo, fatra moun Solèy pa gen mwayen pou fè, san entèvni. Nan tate wout malabou san sonje pèp sa tou gen dwa pou l sikile nan pwòpte. Nan gade komisarya zòn nan k ap tonbe youn apre lòt san gade miwadèzanj li pou wè pwòp tèt li nan pèp li di l ap sèvi a.
Pèp Laplèn, Sat, Aral, Kafou Vensan nan Site Solèy k ap kouri san konnen ki kote li prale a se yon pèp ki te gentan lage pou kont li tankou ti kabrit manman bliye nan mitan chen. Se yon pèp pousyè te gen fin ap manje deja.
Si polisye jwenn nan kè yo pou pèp sa pa gen dwa fè okenn mouvman pou rele Leta santral pou gade eta yo nan Kafou Twa Men se paske pou polisye sa yo non zòn nan pa vle di anyen pou yo. Non. Li vle di. Non zòn nan pa vle di kote moun ap viv.
Mwen pa konnen konbyen tan sa pran pou Leta vle di sa l vle di jodi a. Petèt se tan pou w sot nan yon boutik pou rele w vin achte pou aprann pa gen sa w vle a. Pou tonbe chache nan tout boutik ki disponib.
Leta ak tout sa ki repezante w, men yon pèp ap chache w sou Wout Ayopò a. Devan SONAPI a. Ti valiz ak ti sak mare. Senbòl tout sa yo genyen, tout sa yo posede depi lè lavi ap bouskile yo, depi lè y ap di y ap viv pou yo pa mouri.
Si Leta pa t gen mèt, nou ta di li bliye zòn kote bastitè moun yo lejè. Men kòm mèt Leta pa gade kisa labou ye, zòn ak batistè san kontanbank pa ka rantre nan lis aksyon li.



















