Kèk jou deja depi Frank pati kite nou. Kèk jou tou depi tè fè kabann pou li. Lanmò pa ka limit Frank. Nou dwe kontinye salye depa li. Li merite tout gwo bagay nou anvizaje pou li yo pandan depa li a. Men l ap koute nou mwens epi pote plis benefis pou nou si zèv Frankétienne yo ale kote yo dwe ale, kote yo te rate ale pandan vivan atis-ekriven an.
Pale de Frankétienne isit, sanble tèt koupe ak Eliezer Pitite Caille k ap site gwo tit liv pou bouche twou nan sèvo l san jamè konnen anndan yo. Nou tout konnen atis-ekriven an te ekri Mûr à crever. Men konbyen nan nou ki rive li l ? Nou tout konnen li ekri Dezafi, yon gwo liv ki louvri pòt tout yon pan nan literati peyi a. Men konbyen pwofesè kreyòl oubyen literati k ap chache liv sa pou bay elèv travay sou li, menm pou yon rezime pèsonèl, pou pèmèt yo goute li ak pwòp entelijans yo, men jwenn li enposib ?
Ou ta di zèv literè Frankétienne yo se sèl kote pari kase, mache chache ap resi dòmi san soupe. Ou pèdi paske w te parye, non ? Tout moun ki avize nan nenpòt diskisyon kapab site Ultra Vocal pou lonje dwèt sou jeni kreyatè Frankétienne. Men konbyen moun ki avize ki rive menm manyen liv sa vre ? Mwen menm tou, mwen pa konnen konbyen liv Frankétienne mwen t ap kontan li. Men liv sa yo devan m tankou yon epeng ti tèt ki tonbe nan yon fènwa, pandan l ap touche tè a li fè bri pou di w li la men ou pa fouti jwenn li.
Nou tout dakò jodi a lanmò Frankétienne ap pouse nou mete li nan vrè plas li, plas letan ak zèv li egzije a. Men ann pa janm bliye Frankétienne te toujou ap di, menm nan ti rankont mwen ak yon gwoup elèv te konn gen avèk li, li te konn repete sa : « se pent lan ki bay ekriven an manje ». Mwen deja tande yon editè k ap mande poukisa pa gen reyedisyon zèv Frankétienne yo, poukisa ekriven an te refize tout lòf yon editè te fè l pou reyedite ansyen tèks li yo. Mwen jis di sa m tande ak sa m ta vle ki fèt. Menm si poze kèk lòt kesyon tankou èske lekòl la prè pou mennen elèv yo nan zèv Frankétienne yo san li pa melanje pakèt kliche ki fè moun pa apwoche imansite sila. Eske pwofesè lèt yo deja pare pou rantre sou yon teren enkoni ak sèlman lide dekouvèt san melanje l ak ideyoloji epi gou pèsonèl yo, pou ta fè teyori konfwonte youn lòt pou byenèt aprenan yo ? Mwen pa konnen.
Se tris pou Frankétienne plis rekonèt nan lanmò l. Kounya, li lè pou n fè chwa konnen li nan zèv li yo. Paske Frankétienne pi gran pase lanmò l. Nou gen plis bagay nou ka jwenn pou geri kèk maleng k ap wonje nou, peyi a, depi byen lontan nan sa l kite dèyè yo, pase vid lanmò li kite a. Pou sa a, ann rann li gwo omaj nan fè zèv li yo sikile. Kreye plis posibilite aksè pou chak moun, nan nivo sa ka enterese li, pou file pwòp kritik li nan rantre nan zèv yo. San sa, lapèn nan ap double.