Nan kad dezyèm edisyon « Koup Frito Degre » a, ekip FBI la t ap jwe kont JAF Akademi, faz demi-final, nan dat 21 janvye 2025. Pandan rankont lan, abit santral match la, Gesner Pierre, te sanksyone ak yon katon wouj jwè ekip FBI la ki se Thibaud Schneider dit “Ti Carlos”. An reyaksyon, jwè a te frape abit la nan vizaj, yon aksyon ki te mennen « Coordination des Arbitres du Sud-Est (COASE) » pran desizyon pou sispann jwè a pou kat (4) lane san li pa ka patisipe nan okenn konpetisyon.
Nou gentan nan mitan mwa me 2025, sa ki vle di nou antre tou dwat nan peryòd gran vakans lan. Jakmèl ak tout zòn ki bò kote l ap prepare pou akeyi chanpyona vakans yo, yon tradisyon ki pran rasin nan tout kwen Depatman Sidès la. Tout aktè yo : federasyon chanpyona yo, jounalis espòtif, dirijan ekip, jwè, abit ak fanatik foutbòl fin pare pou al pran plezi yo, yaya kò yo sou tout teren kote boul ap woule.
Nan menm tan tou, kesyon sanksyon “Ti Carlos” la kontinye preyokipe moun ki enterèse ak aktivite foutbòl nan Depatman an, patikiyèman vil Jakmèl.
Yon sanksyon ki ajite deba a
Nan mitan tout echanj ki ap fèt nan milye foutbòl la, gen yon sijè ki vin mete chalè nan diskisyon yo : desizyon youn nan kowalisyon abit nan depatman an pou sanksyone “Ti Carlos”.
Daprè desizyon sa a, li pa ta dwe mete pye sou okenn teren foutbòl pandan kat (4) lane. Malgre jwè a deja voye yon lèt eskiz, sanksyon an kontinye kenbe, sa ki vin alimante deba a pi plis toujou. Gen moun ki panse sanksyon an pa jis, yo estime kat (4) lane a twòp. Gen lòt ki panse li ta dwe leve paske foutbòl se sèl sous revni pou foutbolè a e pou anpil lòt jèn nan zòn nan. Nan tout ka, opinyon yo divize, e si nou ta pran tan pou n site tout pozisyon, nou pa kwè espas sa a t ap sifi.
Yon pwoblèm idantite enstans ki pran desizyon an
Men sa ki klè, nou anfas yon sitiyasyon ki grav epi ki merite yon refleksyon pi pouse. Sanksyon an, malgre li ka parèt lejitim, soulve yon kesyon-rasin sou enstans ki pran desizyon an.
Se yon antite ki jere koze abitraj ki sanksyone foutbolè a, men se li menm tou ki reprezante youn nan pati yo. Donk, nou anfas yon litij kote yon pati konsidere tèt li kòm viktim, men se li menm tou ki jwe wòl jij.
Sa mete nou devan yon kontradiksyon ki merite anpil atansyon : èske si yon abit fè yon erè grav, foutbolè yo ta gen dwa pou yo sanksyone l tou ? Èske pa ta dwe genyen yon enstans ki pa ni jij ni pati, ki la pou evalye litij yo sou baz jistis ak transparans?
Non, tèks sa a pa la pou blanchi « Ti Carlos »
N ap mete sa byen klè : entèvansyon sa a pa gen okenn pretansyon pou blanchi “Ti Carlos”. Tout moun ki renmen foutbòl dwe rekonèt gen konpòtman ki pa gen plas yo sou teren an, e li klè ke jan sa ye a, foutbolè a pa ta dwe elijib pou jwe nan chanpyona vakans ane sa a. Men sa pa vle di se abit yo menm ki ta dwe pwononse sanksyon an. Nou bezwen yon enstans enpasyal ki kanpe an deyò de enterè pèsonèl oswa gwoup pou tande ak jere ka konsa.
Yon apèl pou mete sou pye yon enstans enpasyal
Se poutèt sa, nou vle lanse yon apèl bay tout kominote foutbòl Jakmèl la : ann reflechi sou nesesite pou mete sou pye yon enstans ki estab, ki pèmanan, ki gen kredibilite, e ki ka jere litij ki ka leve ant aktè yo nan foutbòl lokal la.
Foutbòl la se pa sèlman jwè ak abit. Li gen plizyè lòt aktè ladan l : fanatik, jounalis espòtif, federasyon chanpyona yo, dirijan ekip, elatriye. Se poutèt sa nou panse enstans sa a ta dwe gen 7 manm ki sòti nan diferan kategori pou garanti objektivite ak transparans :
•Yon notab nan vil la (pa egzanp: Dwayen Tribinal la);
• Yon ansyen jounalis espòtif ki pa aktif ankò (Laza Jan Medèz, Soni 87, Jan Batis Franswa, elatriye);
• Youn nan ansyèn glwa foutbòl Jakmèl la (Soni Franswa, Sòy, Edva Bomye, elatriye);
• Yon ansyen dirijan ekip foutbòl (Jak Toma, Jantolès, Jaki Kawli, elatriye);
• Yon ansyen reprezantan federasyon lokal yo (Djenmsoul Jan, Pak Lwi Dejwa, Paskèt, elatriye);
• Yon ansyen abit (Pòl Grefen, Djimi Souvren, elatriye);
• Yon veritab fanatik foutbòl (Satan, Mitou, Abilikyou, elatriye).
Yon apèl ouvè ak kominote a
Sa se pwopozisyon Mak Gasia ELYEN, anpil moun konnen sou non Kotch Mako (antrenè ZENIT epi Monitè IFAJ Akademi). Nou pa chwazi mete pyès non an premye, paske nou kwè tout kominote a dwe enplike pou mete baz yon estrikti serye ki ka ede foutbòl Jakmèl (ak tout Sidès la) grandi. Se pa sèl lide sa a ki ka sove sitiyasyon an, men nou swete li kapab sèvi kòm pwen depa pou lanse yon deba serye, k ap mete jistis, transparans ak respè youn pou lòt nan kè foutbòl lokal la.