• À Propos de Vive Voix Info
  • Politique de confidentialité
  • Vive Voix Info
  • Login
Vive Voix Info
lundi, novembre 3, 2025
No Result
View All Result
  • Snack Info
  • Éditorial
  • National
    • Société
    • Politique
    • Justice
    • Éducation
    • Population
  • International
  • Économie
  • Idées & Débats
    • Chroniques
      • Tous Humains
    • Tribune
    • LIDEE
  • Culture
    • Musique
    • Littérature
    • Cinéma
  • Sport
    • Football
    • Basket-ball
    • Tennis
  • Environnement
  • Médias & Société
    • Revue de Presse
  • Multimédias
    • Vidéos
    • Podcast
  • English
  • Snack Info
  • Éditorial
  • National
    • Société
    • Politique
    • Justice
    • Éducation
    • Population
  • International
  • Économie
  • Idées & Débats
    • Chroniques
      • Tous Humains
    • Tribune
    • LIDEE
  • Culture
    • Musique
    • Littérature
    • Cinéma
  • Sport
    • Football
    • Basket-ball
    • Tennis
  • Environnement
  • Médias & Société
    • Revue de Presse
  • Multimédias
    • Vidéos
    • Podcast
  • English
No Result
View All Result
Vive Voix Info
No Result
View All Result
  • Snack Info
  • Éditorial
  • National
  • International
  • Économie
  • Idées & Débats
  • Culture
  • Sport
  • Environnement
  • Médias & Société
  • Multimédias
  • English
Home Idées & Débats

Koze baboukèt Lang ak Kilti Kreyòl nan Lekòl ann Ayiti : pou yon Revolisyon Kiltirèl e Langajye

Refleksyon sa a leve tankou yon kout klòch nan konsyans nou, aprè nou— jèn etidyan ann Ayiti — te li sou rezo sosyal yo yon nòt ki frape tankou yon ansyen lwa kolonyal : « Le Créole est formellement interdit ». Sou tèt papye a, non yon Fakilte Medsin nan Jérémie.

Kenny ThelusmaGary FleurismondbyKenny ThelusmaandGary Fleurismond
6 jours ago
in Idées & Débats, Tribune
Reading Time: 20 mins read
A A
Koze baboukèt Lang ak Kilti Kreyòl nan Lekòl ann Ayiti : pou yon Revolisyon Kiltirèl e Langajye
77
SHARES
154
VIEWS
Share on FacebookShare on TwitterShare on WhatsappShare

Rezime

Atik sa a dechire mask ipokrizi yon sistèm ki toujou entèdi lang pèp la nan lekòl ak fakilte, tankou kreyòl te yon peche orijinèl. Depi tan kolon yo, menm rasis lenguistik la jistifye dominasyon kiltirèl pèp oprime yo sou pretansyon “bon jan edikasyon”. Pandan Konstitisyon 1987 la bay kreyòl dwa, elit yo kontinye sèvi ak fransè kòm zam sosyal pou separe moun, kenbe pouvwa, fè konnen se sèlman yo ki “entèlijan” epi gen dwa benefisye sèvis lan peyi a.

Articles Connexes

La pratique du « fais-toi petit »

Disons « Non » au grand festin de la résignation

Jacmel, une ville dépeuplée de ses repères

Nan moman mond kreyolofòn ap selebre 42èm Jounen Lang ak Kilti Kreyòl, Ayiti rete sèl peyi kote lang nasyonal la toujou trayi pa pwòp pitit li. Ironi istorik, eskandal kiltirèl : yo chante kreyòl nan diskou, men yo touye l nan sal klas yo.

Nou mande refòm total : kreyòl dwe vin kolòn vètebral lekòl pou Ayisyen, soti nan jadendanfan pase lan lekò pwofesyonèl rive nan inivèsite. Se li ki dwe pote rechèch, panse, liberasyon lespri epi akouche dwa konpreyansyon. Paske edikasyon pa dwe sèvi pou repwodui dominasyon, men pou kraze chenn li yo. Se pa fransè ki fè moun entèlijan ; se libète pale pwòp lang ou ki fè ou granmoun.

Mizankontèks 

Refleksyon sa a leve tankou yon kout klòch nan konsyans nou, aprè nou— jèn etidyan ann Ayiti — te li sou rezo sosyal yo yon nòt ki frape tankou yon ansyen lwa kolonyal : « Le Créole est formellement interdit ». Sou tèt papye a, non yon Fakilte Medsin nan Jérémie. Ironi ! Nan peyi Desalin lan ! Pandan menm Konstitisyon 1987 lan, atik 5, make ak san pèp la, deklare kreyòl se sèl lang ki simante nasyon an. Men, depi 1957, lwa te deja rekonèt li kòm poto mitan moral pèp la. Kisa nou tounen ? Yon peyi k ap entèdi pwòp vwa li.

Atik sila a fè plizyè pwopozisyon fas ak pwoblèm lang ak kilti kreyòl nan sistèm edikatif la : (1) Oblije mete lang kreyòl la nan nannan sistèm edikatif la, soti nan jadendanfan rive nan inivèsite, pou asire yon aprantisaj efikas ak enklizif. (2) Itilize kreyòl kòm lang ansèyman ak rechèch pou libere lespri, ankouraje refleksyon kritik epi bay tout ayisyen menm opòtinite pou yo patisipe nan devlopman peyi yo. (3) Chanje paradigm nan pou edikasyon pa tounen yon zouti pou repwodui dominasyon, men pito yon vre mwayen emansipasyon ak afimasyon idantite pèp ayisyen an.

Entwodiksyon

Refleksyon sa a pran sans aprè nou menm jèn k ap etidye ann Ayiti te fin li sou rezo sosyal yo, yon nòt, kote yon Fakilte deklare pou tout Etidyan pa pale ni ekri lang kreyòl la nan espas li a. Nòt sila ekri nwa sou blan : « Le Créole est formellement interdit. » Epi gen yon seri ekriti nan tèt fèy la ki ta lèse kwè se : Faculté de Medecine de Jérémie, ki ta siyen Nòt Entèdiksyon sila a.

Poutan, teyorikman, depi 29 mas 1987, pèp Ayisyen vote wolamen Konstitisyon ki fikse predomimans lang kreyòl la nan tout nivo lavi pèp Ayisyen sou bout tè papa Desalin lan. Wi, Atik 5 Konstitisyon 1987 lan di klèman : « Sèl lang ki simante tout pèp Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti. »

Men, byen avan 1987, depi nan lane 1957, Atik 35 Konstitisyon Ayiti a te deja rekonèt enpòtans lang kreyòl ayisyen an ki jwe wòl potomitan pou defann enterè materyèl ak moral sitwayen ayisyen ki pa fin konnen lang fransè a.

Alòs, soti nan lane 1957 rive 1986, anpil Ayisyen te kwè epi yo te espere tou, pou yo te ka rive kase tout chèn kolonyal ak leta otoritè a, se te sèvi ak lang kreyòl la, lang chèmèt chèmètrès yo a, kòm lang nan tout enstitisyon ki nan peyi a, soti sou sèvis piblik rive sou sèvis prive. Se konsa, jan nou raple l nan liy avan yo, Pèp Ayisyen an aprè anpil batay kont rejim boutdi Duvalier a leve al vote KONSTITISYON 1987 la, ki kare bare, deklare LANG KREYÒL se SIMAN ki SIMANTE PÈP AYISYEN AN. Men, si 38 lane aprè prensip primote lang kreyòl la, yon latriye baboukèt bare avansman lang kreyòl la, alòs, nan refleksyon sila a n ap tante poze pwoblèm sila nan yon demach kritik e dekolonyal.

Chay refleksyon an

Fakilte Medsin ki nan men legliz katolik sou Teritwa peyi Ayiti ki ta sanble soti nòt yo a pou entèdi Etidyan sèvi ak lang Kreyòl la, se deja yon Zak non sèlman ki choke konsyans moun, men li atake Ayisyen natif natal jouk nan zo, soti sou elèv al tonbe sou espesyalis nan tout kalite syans. Se sa ki lakòz sou rezo sosyal yo, anpil moun kòmante foto Nòt entèdiksyon an, yo pataje, repataje epi denonse kalite zak malonèt sila a.

Men lè nou wete tout emosyon pou nou tante analize, nou rive dakò pou nou di : Nòt Entèdiksyon Kreyòl la chita sou de (2) aspè kle :

  1. Lang kreyòl ayisyen an, ki dabò se yon zouti kominikasyon, ki gen fòm pale ak fòm ekri, alòs, Nòt la ta sanse alafwa entèdi lang sila a ni nan fòm ekri, ni nan fòm pale nan espas Fakilte a. 
  2.  Anplis, lang kreyòl ayisyen an se zouti pwodikyon konesans ak kreyasyon atistik, literè, elatriye. Alòs, Nòt Entèdiksyon an ta lèse kwè; Dirijan Fakilte a deside entèdi Kreyòl kòm zouti pwodiksyon konesans nan Fakilte a…

An gwo, Fakilte sila a pa sèlman mete baboukèt sou lang matènèl e lang zansèt Pèp Ayisyen an, men Fakilte a mete baryè nan lespri Pitit Pèp la, entèdiksyon sou dwa lavi lapawòl ak konpreyansyon Pitit Pèp la ki poutan gen Paran yo k ap travay di epi ki pran lajan yo pou al envesti pou bon jan fòmasyon, ki ta ka chanje kondisyon lavi yo ak lavi peyi yo.

Sa ki ta vle di, Fakilte a non sèlman li entèdi Etidyan yo, Ayisyen yo, Pale, Ekri, Li, Tande, Reflechi, Kreye epi Pwodui konesans nan lang Kreyòl la. Fòm entèdiksyon sila a, ansanm ak diskou denigran sou lang ak moun ki pale kreyòl yo se yon mòd diskriminasyon ki gen rasin li depi lan tan kolonyal, ki rapousib pèp Ayisyen an jis jounen jodi a selon rechèch syantifik Michel DeGraff (2003, 2005) ak Renauld Govain (2021).

Poutan, nan menm Ayiti a, soti 1998 rive 2025, omwen gen 20 etidyan ki rive ekri epi soutni devan jiri syantifik 18 memwa Lisans nan lang kreyòl ayisyen an. Kote ou jwenn 8 domèn syantifik nan 8 inivèsite reprezante, 6 ann Ayiti, 2 nan peyi Etazini. San nou pa bliye lòt kantite zèv ki ekri lan tout domèn kiltirèl, syantifik elatriye. Lang kreyòl, ki se 35èm lang ki plis pale sou tè a pami 6000 ak 7000 lang,  ofisyèl nan plizyè eta nan peyi Etazini (Suze Mathieu, 2005:13). Gen jounal ak revi syantifik k ap ekri epi pibliye travay syantifik an kreyòl de jou an jou lan mond lan. 

Alòs, li parèt aklè,  tout Ayisyen oblije kontinye revandike yon edikasyon ki fèt an kreyòl, lang tout Ayisyen pale, konprann, epi viv chak jou a. Paske, lang kreyòl la (ki pran nesans lan kontèks dominasyon rasyal, dominasyon kiltirèl ak diskriminasyon langagye) se sitou zouti pwodiksyon konesans pou liberasyon lasyans ak lapawòl… San n pa bliye, lang yon pèp se premye eleman idantite l, listwa l ak memwa l, fyète l ak granmounite l. Libere lapawòl, se libere kò ak lespri, sèvi ak lang pèp la, se bay pèp la dwa patisipe, dwa konprann, dwa poze kesyon, dwa aji ak reyaji. Lang pèp la se zouti entegrasyon ak enklizyon pèp la nan lavi peyi l (Salomé M. et Iris Padiou, 2022, Philippe Blanchet, 2024). 

Alòs, kreyòl se sèl lang ki mete tout Ayisyen sou menm baz egalite nan konpreyansyon youn pou lòt ak solidarite e respè pou diyite, memwa ak listwa. Si kèk Ayisyen pale fransè, anglè, panyòl… Men tout Ayisyen pale e konprann yon sèl lang, lang kreyòl ayisyen an. Se sèl lang tout Ayisyen atrap depi nan vant, se li ki pèmèt timoun yo konprann sa y ap aprann san tèt chaje, se li ki pèmèt yo eksprime zantray yo, doulè yo, mizè yo, trip yo, emosyon, kreyativite ak rezon yo, se li ki pèmèt yo poze kesyon, epi devlope panse klè ak panse kritik yo sou tèt yo ak lavi sosyal peyi ak mond y ap viv la (Yves Déjean, 2021). 

Ansèyman nan Jadendanfan, Inivèsite ak Lekòl Pwofesyonèl an kreyòl : Yon nesesite pou ledikayson grandèt majè 

Lè ansèyman fèt nan yon lang etranje tankou yon lang timoun ak jèn moun pa metrize, majorite aprenan yo non sèlman pa rive konprann byen, men yo riske rate lavi aprantisaj ak transmisyon sa yo aprann lan. Nan tèks ki gen pou tit « Yon lekòl tèt anba nan  yon peyi tèt anba », Yves Déjean (2012) rive montre, nan sèvi ak lang kolonyal (franse) la san rann kont ak lang manman tout Ayisyen an (kreyòl), lekòl ann Ayiti kreye yon sistèm kote elèv yo, aprenan yo pa aprann, men pito yo ap repete pawòl san yo pa mete refleksyon pèsonèl yo, san yo pa kreye, ni gen kapasite pou transfòme lavi yo ak konesans yo aprann pakè yo. 

Poutan, si objektif vrè edikasyon se pèmèt moun vin grandèt, alòs, edikasyon jako repèt sa a se twokèt pou echway ak redoublay nan lekòl Ayiti yo (Serge Madhère, 2025). 

Majorite rechèch ki fèt nan domèn syans ledikasyon ak syans newolojik montre aklè : lè yon timoun oswa yon aprenan aprann nan lang matènèl li, lang li fèt avè l epi atrap depi tou piti a, timoun lan devlope yon konpreyansyon pi pwofon ak yon metriz pi wo nan kontni sa l ap aprann yo. Rezon fondamantal la se paske lang matènèl la pèmèt aprenan an konekte nouvo enfòmasyon yo ak sa li deja konnen, ki fè aprantisaj lan pi efikas. Daprè etid  Bialystok fè nan lane 2001, elèv ki aprann nan lang matènèl yo montre plis kapasite pou rezoud pwoblèm epi yo devlope pi bon kapasite panse ak refleksyon. Mete sou sa, Kurtz ak kèk lòt otè montre nan lane 2016 aprantisaj nan lang matènèl la amelyore fonksyon mantal yo, sa ki kontribye nan yon pi bon pèfòmans akademik. Nan menm sans lan, otè tankou Rozenn Milin an 2019 moutre lang matènèl la jwe yon wòl enpòtan nan devlopman sosyal ak emosyonèl, nan transmisyon matri-patrimwàn ak vizyondimond kay timoun yo, sa ki fè yo plis angaje epi motive nan aprantisaj yo. Tout sa yo montre enpòtans lang matènèl la (yo) nan pwosesis aprantisaj ak transmisyon konesans lan.                                                                                                                                                                                                      

Zak entèdi pale, ekri, fè rechèch epi pibliye nan lang e sou lang kreyòl, oubyen entèdi, souflete, bay pensòm, jeton, senbòl (yon tradisyon kolonyal ki ankre lan modèl kolonizasyon fransè a) paske elèv, etidyan ap sèvi ak lang manman yo, premye lang ki simante tout pèp ayisyen an, se yon zak diskriminasyon lengwistik ak langajye li ye, se yon atak pwofon sou idantite nasyonal nou antanke pèp lib ki te fè Revolisyon 1791-1804 la. Zak diskriminasyon langajye ak lenguistik yo se zak ki merite penalize nan peyi a.

Entèdi sèvi ak lang epi kilti pèp Ayisyen an, se tankou nou deside voye jete Revolisyon 1804 la, ki te fèt pou libere pèp la anba tout fòm dominasyon, ki enkli dominasyon lengwistik, koulè po, wotè, gwosè elatriye.

Lang kreyòl la se eritaj batay nou tout Ayisyen. Se li ki te sèvi pou pèp Afriken yo te mete tèt ansanm, pou reziste kont kolon rasis, epi pou konstui yon nasyon lib sou tè Tayino yo. Lè yon wòklò oubyen yon esklav mantal deside mete l sou kote, se pou bòykote epi efase memwa Revolisyon grandèt nou an.

Ann Ayiti, depi nan tan lakolonizasyon rive jouk alèkile, lang fransè a kontinye sèvi kòm yon mak distenksyon sosyal, ki itilize kòm yon zouti pou distenge moun ki gen aksè avèk ledikasyon ak opòtinite devan leta, lenstriksyon ak lajistis. Lang fransè a, ki te enpoze pandan peryòd kolonyal lan, vin tounen yon senbòl elitis  ak privilèj, sa vin kreye yon divizyon ant moun ki pale fransè ak sa yo ki pale kreyòl, lang natif natal la. Daprè etid Desrosiers te mennen nan lane 2005, li fè konnen lang fransè a se yon mwayen pou moun ki nan pouvwa yo kenbe kontwòl resous yo ak sistèm edikatif la, sa ki limite aksè pou majorite popilasyon an ki pale kreyòl.

Mete sou sa, lè leta itilize inikman lang fransè a nan lajistis peyi a sa kreye yon baryè pou moun ki pa pale l, ekri l ak konprann li, sa ki fè yo santi yo ekskli nan pwosesis legal la. Nan lane 2016 lenguis Huges Saint-Fort fè konnen nan travay rechèch li, lang fransè a se yon lang ki sèvi pou domine tout pèp ayisyen an, ki gen plis pase 95% moun ki poutan inikman kreyolofòn, sa ki fè li se yon zouti pou enstitisyon yo kenbe yon estrikti sosyal dominasyon ak esklizyon miwo miba. Sa montre enpòtans pou nou konsidere lang kreyòl la, nan pale men sitou nan ekri kòm yon eleman enpòtan nan pwomosyon egalite ak aksè nan resous sosyal, senbolik, politik ak ekonomik nan peyi a.

Men, apre 221 lane lenstriksyon nan lang kolonyal sila a, lang fransè a, atant pèp la pa janm konble, paske zouti sila a pa reponn avèk bezwen majorite elèv ak etidyan, epi pèp la. Daprè rechèch Mathelier fè nan lane 1980, jwenn ak travay rechèch Yves Déjean ak lòt lenguis, li parèt klè kou klèwòz Ayiti gen plis pase de (2) syèk depi Ledikasyon ap fèt nan lang kolon fransè yo, men sa pa rive pwodwi plis pase 10% frankofòn aktif, ki ka sèvi ak lang lan pou pale epi viv lavi yo nòmalman nan tout sitiyasyon lavi. Poutan, lenstriksyon kenbe bwa fransè kòm lang konesans ak lasyans pandan 99% elèv yo se kreyolofòn yo ye nan lavi toulèjou yo. Sa montre aklè lang kolon fransè a pa efikas kòm lang ansèyman ak aprantisaj pou pèp Ayisyen an. Anplis, li pito sèvi yon baryè ki anpeche elèv yo eksprime yo epi reflechi lib epi devlope sans kritik.

Chèchè ki nan domèn Didaktik ak Pedagoji tankou Fortenel Thélusma, Charles Tardieu nan lane 2021, jwenn ak Renauld Govain, raple nan travay rechèch yo : karaktè etranje, dekonekte ak reyalite peyi a, ak bezwen aprenan yo ki prezan nan liv lekòl yo, sa ki mennen aprenan yo nan yon mond kiltirèl ki pa bobo ak mond pa yo, plis yo aprann se plis yo chaje ak prejije, se plis yo pa rive transmèt sa yo te aprann yo pou transfòme lavi yo ak lavi kominote yo. Sa ki vin kokobe lespri yo.

Lòt otè tankou Jan Anil Lwi Jis depi an 2002 pa t janm sispann raple : Ledikasyon ann Ayiti a, paske l esansyalis, fabrike yon dividal prens « zulututu », refèmen sou pwòp tèt yo, epi doubleman pòv : materyèlman ak espirityèlman (Prince auto-dominé). Kòmkwa ledikasyon yo resevwa a fè yo kwè yo siperyè ak manm nan fanmi yo, ak moun nan zòn kote yo rete. Poutan, fòm dominasyon sila a, se pito yon repwodiksyon pou kenbe modèl dominasyon klas k ap domine sosyete a ekzèse sou etidyan sila a yo nan fòmataj pwodiksyon modèl dominasyon ki asire privilèj modèl kapitalis rasis inegalitè a.

Alòs pou etidyan prens otodomine yo, fakilte ak inivèsite dwe yon espas apolitik (etranje oubyen koze politik) pou prens sila a yo, koze k ap pase nan inivèsite yo pa dwe melanje ak koze lavi sosyal, politik peyi yo, pou sa, pwoblèm k ap poze nan sosyete a, pou egalite, liberasyon lapawòl, dwa pèp ak òganizasyon batay nan òganizasyon popilè… demokratizasyon… pa bezwen poze anndan espas fòmasyon akademik yo, konsa etidyan zulututu a pa melanje nan politik ni nan òganizasyon k ap batay pou chanjman sosyal…

Poutan, etidyan zulututu yo bliye si se nan fakilte ak inivèsite modèl dominasyon yo pwodui e repwodui, se nan espas fòmasyon yo menm nouvo prens yo dwe fòme pou vin repwodui modèl dominasyon sosyal yo. Sa ki lèse kwè, si pa gen enstitisyon ki fòmate elit domiman an, p ap gen repwodiksyon modèl dominasyon klas domiman an.

Konsa, prens otodomine yo pa janm sonje kesyone ankenn kou, ankenn nòt, ankenn ekzamen, ankenn desizyon ki fè bibliyotèk tounen depo,  yo kloure bouch yo devan tout desizyon k ap pran nan fakilte ak inivèsite a, se tou pa yo y ap tann pou yo al pwodui dominasyon pa yo, pou yo al pwofite magon ak privilèj sistèm peze souse a, swa yo vin pwofesè k ap vide bèt pou etidyan vin repete tankou jako repèt, swa yo devni kad oubyen pwofesyonèl ki pral travay pou sistèm lan ka asire plas klas dominan ki kreye fakilte ak inivèsite pou fòme jako repèt yo.

Reyalite etidyan zulututu oubyen prens otodomine Janil te pale nan dat out 2002 a, li vin plis reyèl ann Ayiti jounen jodi a, kote tout sosyete a anba yon kriz esktiktirèl ki anvayi tout sistèm defans li. Se yon reyalite otodominasyon ki pa koresponn ak lavi etidyan prens otodomine yo, ni ak eksperyans lavi kontradiksyon peyi yo. 

Mond sa a, selon Janil, ki pa gen rasin nan kilti ayisyen an, vin tounen espas privilèj rèv ti prens yo lè yo fini lekòl. Se pa paske yo konprann li, men paske yo aprann idantifye tèt yo ak li, sou baz imitasyon ak fristrasyon. Sa kreye yon distans ant edikasyon ak reyalite, ant lekòl ak lavi. Sa vin lakoz tou elèv, etidyan yo pa enterese sèvi peyi yo.

Pou nou pale de pwojè liberasyon ak emansipasyon nan ledikasyon konsyans ak mounite a, Janil raple, nou dwe mete lang majorite a nan nannan sistèm edikatif la, soti nan Jadendanfan rive nan Lekòl Pwofesyonèl ak Inivèsite. Se pa avèk kalite bwa fransè oubyen anglè kou panyòl yon moun ka pale ki montre nivo entèlijans elèv ak etidyan yo, men pito, se kapasite yo pou konprann, analize, kreye, transfòme, epi mete konesans yo an aksyon nan lavi chak jou ak lavi pwofesyonèl yo. Lè Fakilte ak Lekòl ann Ayiti chwazi ansèyman ak aprantisaj tout kalite syans ak disiplin an kreyòl, ak bon jan metòd didaktik, ebyen, desizyon sila a fèt pou  mete tout aprenan sou menm pye egalite, yon fason pou yo rive pwodui tèt yo pou transfòme peyi yo. Sa ki vle di tou, chwazi aprann ak ansenye an kreyòl, lang tout pèp la konprann lan. 

Konsa va gen bon jan baz ki kreye pou bati yon sosyete kote lespri moun lib, kote konesans pa rezève pou yon minorite zwit men pou tout yon popilasyon ki swaf konesans pou libere tèt li kont bòykotaj pwojè modènite elitis, kolonyal, enperyal, kapitalis, rasis, patriyakal, seksis ak monolenguis oksidantalosantre a.

Pwopozisyon konkrèt pou defini Lang Kreyòl kòm fondasyon nasyon Ayisyèn lan

Sou baz rechèch ki fèt sou sitiyasyon eksklizyon pèp ayisyen an lan pwòp peyi sou baz lang ak distribisyon resous miwo-miba, anpil chèchè deja pwopoze yon pakèt mezi radikal pou bay lang kreyòl la premye plas ofisyèl nan peyi a. Genyen ki mande adopte yon lwa fondamantal ki etabli kreyòl kòm sèl lang ofisyèl nan tout aktivite leta, ak yon peryòd tranzisyon pou aplike l nèt. Tout dokiman ofisyèl, sèvis piblik, pwosedi jidisyè ak kominikasyon leta dwe fèt an kreyòl pou tout moun konprann ni nan pale ni nan ekri. Nou dwe entegre lang siy kreyòl pou soud ak bèbè, maltandan. Alòs lang siy dwe ofisyèl pou pèmèt moun sila yo patisipe nèt nan sosyete a.

  • Nan domèn edikasyon an, anpil chèchè te deja mande kreye yon sistèm natif natal konesans ak kilti ki bati sou lang kreyòl la, kote yo se prensipal lang ansèyman soti depi premye ane lekòl rive nan inivèsite ak lekòl pwofesyonèl. 
  • Nou dwe devlope yon enstitisyon-tribinal ki la pou bay kreyòl la jarèt ki gen pouvwa pou kontwole politik lenguistik lang lan, pwodui resous pedagojik ak didakatik, ak bay sètifikasyon ak pwofesè. Enstitisyon sila ap travay nan tèt koule ak inivèsite nan peyi a pou asiste pwodiksyon ak tradiksyon tout sa leta ap pwodui an kreyòl.
  • Avan tou, aktè k ap travay pou lang kreyòl la simantè leta ak pèp la dwe defini klèman tout fòm diskriminasyon lenguistik kòm yon krim kont dwa moun, ak pèn sevè pou enfraksyon sila yo. Nou pwopoze pou Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la vin yon jou ferye nasyonal ki va dedye a refleksyon sou wòl lang kreyòl nan simante leta ak pèp ayisyen an.
  • Fòk nou kreye yon komisyon endepandan pou kontwole aplikasyon politik lengwistik sa yo, ki dwe gen pouvwa pou sanksyone coupa epi fè rapò chak ane sou pwogrè yo. Se sèlman nan yon apwòch global konsa ke n ap rive bati yon demokrasi ki asire dwa ak devwa konpreyansyon nan kominikasyon pale, ekri ak sinye lan lang siy, yon veritab revolisyon kote tout sitwayen ka patisipe nan lavi peyi a egalego.

Pou n evite konkli sou yon pwoblèm ki plis pase enpòtan…

Edikasyon pa dwe tounen yon egzèsis pou fè timoun, elèv ak etidyan yo tounen yon jako repèt, ni kwayen k ap rayi eleman idantite yo kòm pèp ni ti prens zulututu k ap aprann pou al repwodui prejije lenguistik, epistemik, dominasyon estriktirèl ak diskriminasyon enstitisyonèl. Ledikasyon dwe yon vrè zouti pou libere kò ak libere lespri, pou mete tout moun sou wout chanjman grandèt, sou wout egalite ak enklizyon paske tout moun se moun. E chanjman sa a pa ka fèt si nou pa mete lang kreyòl, lang siy, kilti kreyòl la, tout fòm konesans syantifik ak kapasite kreyatif atizay nan sistèm edikatif peyi a ki an rapò ak bezwen aprenan yo epi ki reponn ak ansanm defi sosyete a ap afwonte.  Yon ansèyman nan lang kreyòl, ak lang siy se pa yon chwa politik sèlman, se yon chwa idantitè, moral, sosyal, ak entèlektyèl, memoryèl pou yon Ayiti ki vle pran chimen pwogrè ak liberasyon total kapital li.

Revolisyon 1804 la te fèt pou libere moun. Si lekòl ak inivèsite  pa sèvi ak lang libète a, li pa ka libere lespri moun. Kreyòl pale kreyòl konprann.

Kèk referans 

Bialystok, E. (2001). Bilingualism in Development: Language, Literacy, and Cognition. Cambridge University Press.

Charles, T. (2021). « La problématique de l’insertion de la langue créole dans le curriculum haïtien ». In: Robert Berrouët-Oriol (coord.,): La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti, Montréal, Éditions Zémès et Éditions du Cidihca.

Desrosiers, A, (2005). Language and Power in Haiti: The Sociolinguitics of Haiti creole and French. Journal of Haiti studies.

Ferguson, G. (2014). Language Power and Ideology in Haiti: A sociolinguistic perspective.

Fortenel, T. (2021). « L’ensignement-apprentissage du créole en Haïti: une analyse du projet didactique dans les documents et programmes officiels du ministère de l’Éducation nationale ». In : Robert Berrouët-Oriol (coord.,). La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti ». Montréal, Éditions Zémès et Éditions du Cidihca.

Hugues Saint-Fort (2016). « Bourdieu plutôt que Ferguson. Le ‘marché linguistique’ haïtien: fonctionnement, idéologie, avenir », Revue transatlantique d’études suisses, 6/7, 2016/17, pp. 165-176.

Hugues, S. F. (2021).  « Sèvi ak lang kreyòl pou anseye literati ayisyen ki ekri an kreyòl ». In: Robert Berrouët-Oriol (coord.,) La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti. Montréal, Éditions Zémès et Éditions du Cidihca, 2021.

Jean Anil Louis-Juste. (2002). L’étudiant haïtien: un prince auto-dominé. http://www.alterpresse.org/spip.php?article264

Jean Casimir. (2011). La culture opprimée.  Port-au-Prince, Média-Texte. 

Kurtz, M., et al. (2016). «The Role of Maternal Language in Child Development: Evidence from Neuroscience ». Child Development Perspectives, 10(3), 196-201.

Lefranc Joseph. (2022).  Pou ki sa entèlektyèl, filofòf ak syantis ayisyen dwe ekri an kreyòl ? Platfòm MIT-Ayiti, 8 p.: https://mit-ayiti.net/wp-content/uploads/2022/10/Lefranc-Joseph-Pou-ki-sa-syantis-Ayisyen-dwe-ekri-ankreyo%CC%80l-20221019.pdf.

Leger Frenand, (2013).  « Fè pwomosyon ekri nan lang kreyòl ayisyen an: poukisa epi kouman? », In : Govain R. Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm, Ki avantaj, Ki defi, Ki avni? Port-au-Prince, Éditions de l’Université d’État d’Haïti, p. 213-230.

Lemète Zéphyr. (2021). « Kondisyon ki nesesè pou edikasyon fèt an kreyòl ann Ayiti » In: Robert Berrouët-Oriol (coord.,). La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti. Montréal, Éditions Zémès et Éditions du Cidihca.

Michel DeGraff (2003). Against Creole Exceptionalism. Language 4, Vol. 80, 834-839. DOI : 10.1353/lan.2003.0114

Michel DeGraff (2005). Do Creole languages constitute an exceptional typological class? Revue française de linguistique appliquée 1 (Vol. X), 11-24. DOI : 10.3917/rfla.101.24

Piske, T., et al. (2018). «The Importance of Mother Tongue in Early Childhood Education: A Neurological Perspective ». International Journal of Early Childhood, 50(2), 145-158.

Renauld Govain & Guerlande Bien-Aimé, (2021). « Pour un didactique du créole haïtien langue martenelle ». In: Robert Berrouët-Oriol (coord.,). La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti. Montréal, Éditions Zémès et Éditions du Cidihca.

Renauld Govain (2021). De l’expression vernaculaire à l’élaboration scientifique : le créole haïtien à l’épreuve des représentations méta-épilinguistiques

Yves Déjean. (2013). Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Port-au-Prince, Éditions de l’Université d’État d’Haïti.

Kenny Thelusma

Kenny Thelusma

Kenny Thelusma est étudiant mémorant en communication sociale à l'UEH.

Gary Fleurismond

Gary Fleurismond

Gary Fleurismond est étudiant en Sciences sociales à l'UEH.

Articles Similaires

La pratique du « fais-toi petit »
Tribune

La pratique du « fais-toi petit »

29 octobre 2025
Disons « Non » au grand festin de la résignation
Tribune

Disons « Non » au grand festin de la résignation

23 août 2025
Jacmel, une ville dépeuplée de ses repères
Tribune

Jacmel, une ville dépeuplée de ses repères

19 juin 2025
ChatGPT : naissance d’une génération promptanée
Idées & Débats

ChatGPT : naissance d’une génération promptanée

17 octobre 2025
Poésie, parole et Legba 
Littérature

Poésie, parole et Legba 

20 mai 2025
Vive Voix Info

© 2025 Vive Voix Info.

Informations et Données

  • À Propos de Vive Voix Info
  • Politique de confidentialité

Suivez-nous

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
No Result
View All Result
  • Snack Info
  • Éditorial
  • National
    • Société
    • Politique
    • Justice
    • Éducation
    • Population
  • International
  • Économie
  • Idées & Débats
    • Chroniques
      • Tous Humains
    • Tribune
    • LIDEE
  • Culture
    • Musique
    • Littérature
    • Cinéma
  • Sport
    • Football
    • Basket-ball
    • Tennis
  • Environnement
  • Médias & Société
    • Revue de Presse
  • Multimédias
    • Vidéos
    • Podcast
  • English

© 2025 Vive Voix Info.