🔍 9 minutes

Pòtoprens, 20 janvye 2024.

Onè rèspè lasoyete !

Jodi 20 janvye 2024 la make 266 lane depi kolon fransè te boule tou vivan Franswa Makandal, yon chèf mawon, yon lidè bosal, yon revolisyonè nan nanm, ki t ap batay kont sistèm kolonyal esklavajis la nan Sendomeng. Nan lide pou simen laperèz lakay mas esklav yo, epi kase mouvman rebelyon li t ap mennen kont sistèm lan, otorite kolonyal yo nan Sendomeng te boule l tou vivan sou plas piblik nan Kap-Fransè, ki te kapital koloni Sendomeng lan nan epòk la, devan yon rasanbleman esklav jou ki te 20 janvye 1758 la. Sèk Makandal kòm òganizasyon etidyan ki enskri l nan liy batay bò kote kouch ki pi fèb yo nan sosyete a epi k ap goumen pou libète ak byennèt pou tout moun nan vin yon reyalite, jije nesesè pou l pa kite memwa potorik gason sa a disparèt nan listwa lit popilè yo nan peyi a. Se sa k motive n ekri tèks sa a nan okazyon 266 lane depi sanginè blan rasis fransè yo te fè kò sasinay sou etwal libète esklav yo nan Sendomeng, nan sousi pou n raple pèp ayisyen kalte kontribisyon lidè revolisyonè sa a te pote nan batay pou liberasyon mas esklav yo ak kreye nanchon Ayisyen an. Yon mannyè pou n kenbe memwa Makandal vivan nan lit mas popilè yo ap mennen kont dominasyon etranje ak esplwatasyon y ap sibi anba men klas dominant yo nan peyi a. Nan sans sa a, nou envite tout Ayisyen konsekan pou yo chache konprann divès dimansyon revolisyonè total sa a te genyen, chimen l te trase pou kase chenn lesklavaj, ranvèse lòd kolonyal ak rasis nan Sendomeng epi kanpe yon Leta endepandan nan je gwo pisans oksidantal yo. Se sa k fè, nan yon premye moman n ap gade kèk konsiderasyon ki fèt sou orijin Makandal, apre n ap gade pwojè politik li t ap rapouswiv ak estrateji batay li te defini pou rive nan liberasyon mas esklav yo. Pou n fini, n ap gade aspè mistik ak kiltirèl lakay Makandal, nan fason l pral sèvi ak konesans li gen sou fèy nan bwa ak konesans mistik li pou l mennen lit pou kaba sistèm kolonyal esklavajis la.

Koze mande chita

Kiyès Makandal te ye ?

Gen plizyè apwòch ki eseye gade orijin Franswa Makandal. Anpil istoryen, antwopològ ak sosyològ fouye zo nan kalalou pou jwenn rasin gason kanson sa, esklavajis fransè rache sou tè Lafrik, vin vann li sou bout tè kolonyal Sendomeng lan kòm esklav, nan moman modènite kapitalis la t ap sèvi ak kòmès nèg nwè afriken pou anpile richès fasil nan koloni Amerik yo. Gen anpil konsiderasyon yo fè sou non lidè mawon an menm, sou vrè òtograf non l. Nan anpil tèks nou fouye, nou jwenn òtograf sa yo tankou : Macandal, Makandal, Mackandal Makanda, ak Macandale. Istoryen ayisyen Alix René, nan yon liv li ekri ki gen pou tit Haïti après l’esclavage : Formation de l’État et culture politique populaire (1804-1846), li eseye montre orijin non Makandal la. Nan liv sa li fè konprann, non Makandal la gen plizyè sans. Gen yon plant nou jwenn nan peyi a ki rele Makanda, yo konn itilize l nan medsin natirèl an Ayiti pou fè tretman pou moun ki malad. Gen sosyete sekrèt tou ki pote non Makanda. Pou tout sa non sa a vle di nan istwa peyi nou epi pou enpòtans kreyòl la genyen nan kilti popilè a, ak wòl li te jwe nan batay mas esklav yo, nou konsidere òtograf kreyòl la ki se : Makandal. Pou sa ki gen pou wè avèk kote Makandal fèt, jan nou te gentan afime piwo a, pa gen okenn dout, istoryen, antwopològ ak lòt chèchè nan domèn syansmoun yo rive dakò Makandal fè pati pil ak pakèt kaptif afriken blan flansè te debake avèk yo Sendomeng pou vin vann kòm esklav pou travay nan bitasyon kolonyal yo. Ki vle di, li te fè pati kategori esklav bosal yo. Diskisyon yo plis fèt sou ki kote egzat li ta soti nan kontinan Afriken an.

Genyen kèk tèks ki avanse Makandal soti nan tribi Kongo. Rafael Lucas, nan yon atik li ekri ki gen pou tit « Makandal : personnage historique haïtien, entre mythe et histoire », li mansyone ekriven ayisyen ak latino-ameriken yo privilejye yon orijin Mandeng, yo menm konsidere l kòm yon « prens Mandeng » oubyen yon nèg Ginen yo konn rele l tou « prince de Guinée ». Anplis, gen antwopològ nò-ameriken tankou Wyatt Mac Gaffey avèk Mark Davis ki avanse ipotèz orijin kongolè Makandal la, sa vle di li soti nan Wayòm Loango », ki se yon pati nan wayòm kongo a, jounen jodi a ki rele Kongo-Brazavil. Rafael avanse pou l di apwòch Mark Davis la baze sou rapò kole sere ki genyen ant non Makandal la avèk tèm Bantou makanda epi mo kreyòl ayisyen an « makanda » (ki ta vle di dyab volan). Plizyè sous baze sou lang arab li te konn pale, li ak ekri byen epi li te mizilman tou. Daprè Rafael, ipotèz orijin mandeng nan (rejyon Lwès afriken an) rive afime, paske nan disetyèm syèk la pa t vrèman gen yon enfliyans arab nan wayòm Kongo a, poutan li te toupatou nan pati Lwès kontinan Afriken an. Istoryen, antwopològ ak lòt chèchè yo poko rive dakò sou ki kote egzat Makandal soti nan kontinan Afriken an.

Pwojè politik ak plan batay Makandal

Makandal ta pral youn nan pi gwo figi revolisyonè ki make dizuityèm syèk la nan Sendomeng. Lè Makandal te rive nan koloni an pou travay kòm esklav, li ta pral pèdi yon ponyèt nan moulen kann nan pati Nò koloni Sendomeng. Makandal kòm esklav bosal, pa t janm dijere koze lesklavaj la. Li te toujou an kòlè kont opresyon, esplwatasyon ak imilasyon kaptif afriken yo t ap viv nan koloni an. Kondisyon travay mas esklav yo ak sityasyon li t ap viv nan plenn Lenbe sitou, te pral motive l mawon plantasyon an. Se konsa Makandal te vin yon lidè mawon. Li te yon konsyantizatè ki t ap mache fè reyinyon ak gwoup esklav yo epi soulve atelye yo, pou lite kont sitèm plantasyon an. Pwojè Makandal se te liberasyon mas esklav yo nan Sendomeng. Estrateji l te pral itilize pou abouti ak pwojè libète sa a, se te pwazon kòm zam silansye pou elimine tout mèt bitasyon yo ki pa t janm konsidere yo tankou moun.

Pou konprann objektif Makandal la pi byen, nou ka fè yon kout je nan liv Georges Eddy Lucien pibliye nan lane 2023 a sou tit Le lieu à l’épreuve de la complexité. Appropriation et usage chez Joseph Anténor Firmin. Nan liv sa a, gewo-istoryen an voye nou fè yon kout je sou mouvman Makandal la ki te gen objektif chavire sa li rele « lieu-torture, lieu non humain » an pou konstui yon « lieu humain et égalitaire ». Istoryen ayisyen tankou Leslie F. Manigat, Roger Petit-Frère avèk Georges Eddy Lucien afime mouvman Makandal yo te kòmanse nan lane 1750 yo. Li te rive konstitiye yon lye rebèl, nan batay kont sistèm plantasyon an pandan dizuit lane. Mawonaj la vin sèvi yon mouvman kont sistèm nan, sa Jean Casimir rele sosyete kontplantasyonè a. Se konsa li pral sèvi ak mawonaj la kòm yon zouti rezistans òganize kont « le lieu-torture ». Makandal te gen yon pwojè lavi ak byennèt kolektif pou tout moun ki t ap viktim sistèm opresyon ak represyon an nan Sendomeng. Nan lit Makandal t ap mennen an, li te charye dèyè l yon pwojè politik ak sosyal ki te sèvi baz pou revolisyon an nan Sendomeng. Kidonk Makandal se etwal ki klere chimen lit revolisyonè yo nan Sendomeng.

Aspè mistik ak kiltirèl lakay Makandal, wòl li te jwe nan lit kont lòd kolonyal lesklavaj la

Yo te konnen Makandal kòm yon prèt vodou ki chaje ak mistè. Daprè plizyè otè tankou Alejandro Carpentier – yon womansye kiben ki eseye rekanpe pèsonaj istorik sa a – li te gen kapasite pou l transfòme nan diferan kalte bèt epi posede yon dimansyon kosmik ki fè l ka kominike ak diferan eleman yo. Sa ki ta pral fè anpil moun te menm kwè li imòtèl epi difisil pou kolon yo te rive kenbe l nan mannèv li yo. Li te konn itilize pouvwa mistik li pou l vizite esklav yo ankachèt nan plantasyon yo epi rive rasanble yo nan lannuit ; fè reyinyon pou kapab rive jwenn yon mwayen pou chape anba kolon yo. Nan rezistans li nan mawonaj la, li te vin gen posiblite mete konesans li genyen sou fèy yo ak pratik mistik li osèvis lit pou libere esklav yo. Makandal te yon gwo Houngan epi medsen fèy tou. Li ta pral sèvi avèk konesans li sou plant yo pou konpoze epi anpwazonnen kolon yo. Sa a se yon lòt gwo dimansyon ankò yon moun dwe sezi nan nivo estratejik wòdpòt Makandal t ap manniganse nan batay pou kapote sistèm kolonyal esklavajis la. Non Makandal la te vin tounen yon pwazon nan zòrèy kolon yo, paske mouvman an te bay pwopriyetè Sendomeng yo gwo laperèz. Mouvman an te fèt nan twa (3) gwo nivo : touye bèt yo ki itil nan transpò yo, detui chan kann yo epi anpwazonnen tout mèt bitasyon yo nan koloni an. Dimansyon mistik Makandal te bal kapasite pou l toupatou nan koloni an. Bagay sa a, te vin fè kolon yo pa t janm rive konprann yon nèg konsa. Se konsa Makandal ta pral pase 18 lane ap lite kont kolon yo nan Sendomeng. Nou jwenn afimasyon kantite tan sa a bò kote Georges Eddy Lucien avèk Roger Petit-Frère, nan tèks yo ekri ki fè yon rale sou Makandal.

Nan mitan mas esklav yo, pwojè a pa t ateri menmjan. Genyen, pa rapò avèk relasyon yo ak mèt yo, te wè tèt yo diferan (menm pi wo) pa rapò avèk lòt esklav yo. Se konsa Makandal ta pral rive trayi pandan l te nan yon fèt esklav yo t ap fè (yon Calenda). Rafael Lucas avanse se ta yon kleren ki te sèvi nan fèt la ki te fè esklav yo sou, pami yo Makandal. Se la a menm yo te pran Makandal epi fèmen l nan prizon. Nan lide pou simaye laperèz nan tout koloni an, tribinal Kap-Fransè a te bay yon gran espektak kote yo te anchenne Makandal epi boule l tou vivan nan dat 20 janvye 1758. Eritaj « mitik » ki rete sou evènman sa a fè kwè Makandal te rive lage tèt li epi pran direksyon foul la nan yon premye tantativ pou sove, men kolon yo te sezi l ankò epi remete l nan dife a. Fwa sa a, li te boule pou tout bon ! Men, daprè yon ti istwa, li ta tounen yon ti bèt, li vole epi l di l ap retounen sou yon lòt fòm. Ansanm eritaj sa yo pral gen yon gwo enpòtans nan kilti popilè ayisyen an ak imajinè kolektif la. Nou pral jwenn eritaj konesans mistik ak kiltirèl Makandal yo lakay Boukman, pi devan, ki pral soulve mas esklav yo pou koupe fache avèk sistèm nan, jouk rive nan lendepandans peyi d Ayiti premye janvye 1804.

Lasoyete mande fèmen baryè

Non Makandal la rete yon senbòl rezistans pou tout pitit kaptif paran yo te viktim anba sistèm kolonyal esklavajis la. Yon senbòl rezistans pou pèp ayisyen an ak pou tout lòt pèp ki te viv opresyon ak represyon kolonyal esklavajis modènite kapitalis oksidantal la te kale pou te kapab fè tiyon pi rapit, pi fasil. Figi Makandal la rete bò kote kolon yo yon pèsonaj k ap ranvèse lòd sosyal ak politik dominan yo, paske vizyon l lan pa t danse kole ak sistèm kolonyal esklavajis la. Poutan li rete yon pèsonaj mitik pou kouch defavorize yo, desandan kaptif esklavajize yo. Pandan n ap gade Makandal la, nou paka pase sou silans mouvman mawonaj ki te genyen anvan Makandal te vin pran tèt gwoup mawon yo. Egzanp gwoup Tayinòs yo ki te mawon depi sou kolonizyon Espanyòl la, pase pran lidè mawon tankou Padrejan an 1679 ki t ap batay anfas kolon Fransè nan moman yo te apèn ap chita sosyete kolonyal Sendomeng lan. San n pa bliye travay lòt chef mawon tankou Plymouth, Polidor, Zabeth elatriye. Roger Petit-Frère, nan liv li ki rele La naissance d’Haïti (1804-1843). Une émancipation manquée, naissance d’une société oligarchaique et conflictuelle, kote li site Leslie F. Manigat moutre senk (5) moman nan revolisyon an. Kote li gade Zabèt « le moment Zabeth » anvan Makandal. Zabèt se te yon esklav fanm rebèl ki te konn mawon. Yon premye fwa yo bat li epi tòtire l. Yon dezyèm fwa yo koupe yon zòrèy li, li tounen mawon ankò. Pou yon twazyèm fwa yo koupe yon ponyèt li ; li mawon pi rèd ! Epi finalman yo te pral koupe yon jarèt li. Ezanp sa montre karaktè fewòs lesklavaj la nan Sendomeng, ki jistifye repons Makandal la ak sistèm sa a.

Nan tout refleksyon n ap fè sou mouvman popilè an Ayiti nou paka pa konsidere Makandal ki jwe yon wòl enpòtan nan batay pou fè triyonfe libète ak byennèt pou tout moun nan. Jounen jodi a istwa dominan an vle efase figi Makandal la nan memwa pèp ayisyen an. Nan sans sa a, li enpòtan pou nou batay kont fòs fènwa ki vle pase sou silans senbòl rezistans Makandal reprezante nan listwa batay mas popilè yo kont dominasyon, esplwatasyon ak opresyon sou bout tè Ayiti a. Moman makandal la pote yon kontribisyon san parèy nan akouche revolisyon ayisyèn nan. Se menm jan an tou, mas popilè yo k ap viktim opresyon, esplwatasyon klas dominant yo jounen jodi a dwe sèvi ak eritaj batay Makandal yo pou nou chavire rapò dominasyon ak esplwatasyon yo nan sosyete a. Sèk Makandal p ap dòmi pliye ! Nan vwa Makandal, ansanm n ap rete djougan nan batay pou solèy la klere pou tout moun sou bout tè dAyiti a.

Referans bibliyografik

– BRUTUS, Edner, La Révolution dans Saint-Domingue, Tome II, éd du Panthéon, Paris, 1970.

– CELLIER, Marine : « Construire le mythe pour se réapproprier l’histoire : la figure de Mackandal dans les œuvres caribéennes », Cahiers d’Histoire, 34 (2), 2017, pp. 71-82. https://dori.org/10.7202/1041543ar

– LUCAS, Rafael : « Makandal : personnage historique haïtien, entre mythe et histoire », Revue d’Histoire Haïtienne, s.l.s.d.

– LUCIEN, Georges Eddy, Le lieu à l’épreuve de la complexité. Appropriation et usage chez Joseph Anténor Firmin, Port-au-Prince, C3 Éditions, 2023.

– PETIT-FRÈRE, Jean Roger, La Naissance d’Haïti : 1804-1843. Une émancipation manquée, naissance d’une société oligarchique et conflictuelle. Pétion-Ville, Les Éditions Pédagogie Nouvelle S.A, 2016.

– RENÉ, Jean Alix, Haïti après l’esclavage : formation de l’État et culture politique populaire (1804-1846), imp. Le Natal, Port-au-Prince, 2019.

– « Francois Makandal, un précurseur légendaire de la Révolution haïtienne », s.l.s.d.

Sèk Makandal