festival Literati Kreyòl (VVI)

Madi 5 desanm 2023, nan Sant Kiltirèl Karayib, make lansman ofisyèl 5è edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl. Se te yon moman pou  jèn te rankontre lòt jèn. Yon moman kote kreyatè t ap pwofite rankontre lòt kreyatè pou konnen kisa chak moun ap fè sou bò pa yo nan milye a tankou :  youn nan envite done yo, ekriven Dede, k ap pwodui depi plis pase senkant lane pou plis pase ven tèks. Yon moman tou, kontrèman ak pèsepsyon jeneral la, pou di peyi a pa mouri, pou di moun kontinye enterese ak lakilti, kontinye mache kontre lòt moun.

San li pa yon sezisman pou pèsonn, li klè literati kreyòl la se zòn vitalite literati Ayisyen an. Evolisyon zèv literè nan lang kreyòl la, san nou pa tonbe nan pyèj fòlkloris ki vle depi l ekri an kreyòl li bon, reflete anpil amelyorasyon kit nan kantite kit nan kalite, menm si li enposib pou n kantifye nonb tèks k ap pibliye nan lang lan akoz sityasyon peyi a afekte tout domèn.

Chita sou prensip ki vle pa gen jenerasyon ki fèt tou kale a, amelyorasyon k ap manifeste tèt li nan zèv literè an kreyòl yo jwenn sous li nan gwo batay ak travay san relach kèk ansyen te akonpli pou amenaje memwa literè lang kreyòl la. Yon kalte, kèk ladann yo, se sèl tras sa yo kite ki la ak nou tankou Felix Morisseau-Leroy, George Castera, Emile Roumer, Paul Laraque, epi kèk lòt kontinye trase chimen yo nan mitan nou tankou : Franckétienne, Lyonel Trouillot, Pierre-Richard Narcisse, Syto Cavé…pou n site sa yo sèlman. Yo menm ki t ap ekri nan yon lang, pou repete Georges Castera, ki te menase epi san memwa literè. Kidonk, amelyorasyon jodi a tire benefis li nan memwa moun sa yo kite pou nou. Diplis, kèlkeswa travay literè nan lang kreyòl la ap toujou dwe moun sa yo konba yo.

Alòs, pandan kesyon si kreyòl la se yon lang lan pa poze ankò a, pandan travay kit syantifik oubyen literè k ap fèt nan epi sou lang lan egzije yon depasman pou jouman entegris oubyen folkloris pa kat idantite yon moun ki rantre tèt li nan batay pou lang kreyòl la jwi tout merit li, kontrèman ak chak mwa Oktob, yon festival literati kreyòl pa dwe yon espas kote moun vin bay cho pawòl, vin egzibe pwovèb, eslogan ak pwomès tout moun konnen deja ki p ap fè ni kita ni nago. Se pa nonplis moman ideyal pou ap teke zanmitay pou fè jounalis ak aferis politik tankou ONGis plezi.

Men pito, se ta dwe moman ideyal pou mete deba politik lenguistik la pi wo. Moman ideyal pou diskite sou mekanis nesesè nou dwe mete an plas pou yon pi bon sikilasyon zèv literè ak nan lòt syans. Li pa nòmal pou yon ekriven espresyon kreyòl se dènye etap nan mach eskalye pi transparan pase yon lonbray la. Yon Festival Literati Kreyòl ta dwe yon mache kontre pou jwenn yon ang dapwòch nan ouvèti literati kreyòl la sou tout lòt literati yo. Sou tradiksyon zèv an kreyòl yo nan lòt lang e tradiksyon zèv nan lòt lang yo an kreyòl. Paske menm jan ak tout lòt literati yo, literati ayisyen espresyon kreyòl la egzije kontak li ak tout lòt literati ki viwonnen l e ki prè pou li.

Alòs, se deja yon bon siy si aktivite kiltirèl yo vle reprann menm si pa gen moun ki ka pale de lakilti nan peyi a ak gwo gòj. Se pi bon toujou si yon festival kapab tabli nan milye a epi konsakre tèt li depi plis pase senkan  nan vann epi selebre literati ak kilti kreyòl. Yon remèd toujou pou yon maleng ki mande plis.

Kredi foto : Festival Entènasyonal Literati Kreyòl