Nan yon nòt ki pibliye jounen lendi 13 Me 2024 la, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an bay garanti ensekirite a pwal fini nan peyi a. Nòt sila ki pote siyati prezidan Edgard Leblanc Fils, sòti aprè moun ak zam te pran daso komisarya Gresye a epi atake popilasyon an.

Aprè dènye envazyon moun ak zam te fè sou komisarya Gresye jounen samdi ki te 11 Me 2024 la kote plizyè manb nan popilasyon sivil la te rive viktim, lapolis la ta pwal rive pran kontwòl sitiyasyon an nan mitan jounen 12 Me 2024 la gras ak entèvansyon plizyè inite nan lapolis la tankou : UDMO-SIDÈS, UTAG ak SWAT.

Yon jou aprè, lendi 13 me a, nan yon nòt Konsèy Prezidansyèl pou Tranzisyon an mete deyò, li fè konnen tou swit lè l te fin okouran de dènye atak sila, li te òdone chèf polis la pou l pran kontwòl sitiyasyon an epi pran dispozisyon ki nesesè pou jan de aksyon sila yo sispann sou tout teritwa a. Konsèy la bay popilasyon an garanti nan jou kap vini la yo, tout zak ensekirite, latwoublay ak banditis pwal kaba.

Nan nòt sila, Konsèy la pwofite pou li voye senpati ak solidarite li bay tout manb popilasyon an ki pa sispann viktim de zak kriminèl yo nan peyi a. Konsèy la fè konnen yo pral bay repons a tout zak sila yo epi l profite mande popilasyon an pou l fè l konfyans.

Pou fini, Konsèy la remèsye popilasyon an pou matirite l ak pasyans li pandan l fè yo konnen manb Konsèy yo ap travay pou mete sou pye yon gouvènman a tout yon Konsèy Nasyonal Sekirite (KNS) jan akò 3 avril la te prevwa l la. Konsèy la fè apèl ak vijilans popilasyon an fas ak tout demach ki pa an favè li epi l mande kolaborasyon popilasyon nan kad jefò k ap fèt pou lite kont zak banditis tout kalte.

Douby Saint Germain