
Image Freepik
- Ripvèti: Yon ripti ak yon repè istorik:
Kèlkeswa pwodiksyon literè a toujou rantre nan yon « pwosesis istorik ». Sa fè zèv literè yo menm jan ak moun, nan yon ton jeneral, epi pwodiktè zèv yo, nan yon vwa patikilye, pa yon vèb ki konjige sèlman nan tan prezan. Kidonk, pale de pwodiksyon literè k ap fèt nan lang kreyòl la jodi a mande yon kout je dyakwonik.
Pou sa, nou oze kòmanse atik sa nan koupe fache, yon koupe fache ki ta ka pote menm sans ak triye, leve anlè pou pran pwa, mare kè pou bay kanè epi voye jete oubyen klase. Nan akeyoloji panse literè a ? Mwen pa konnen. Èske pwezi la pou li sibi klasman ? Non. Pwezi pa biyoloji. Menm si li konn sa kèk fwa. Literati pa taksonomi. Menm si li konn sa kèk fwa. Men kit nou vle l kit nou pa vle l, Lyonel Trouillot pa Dede, Inema pa Manno Ejèn, Georges Castera pa Félix Morisseau-Leroy, Koralen pa Maurice Sixto, Franckétienne pa Pierre-Michel Chéry… Mwen fè yon jan pou m site kèk non pèsòn pa gen dout sou jeni kreyatè yo ak sa yo akonpli kite dèyè yo. Nan atik k ap genyen pou klotire seri atik sa yo, m rezève yon plas pou yon etid konprativ kit nan nivo semantik, tematik, travay apwopriyasyon, divèsite leksikal, vizyon powetik, elt… n ava wè ansanm ni youn ni lòt okenn nan yo pa kanmarad lòt nan sa y ap fè oubyen nan sa yo di yo vle fè a.
Lang lan se yon lang powetik.
Yon ekriven ki di : « li difisil pou w fè pwezi nan kreyòl la paske Kreyòl la se yon lang powetik» di menm bagay ak yon timoun nan klas uityèm ane ki di : « lang kreyòl la se yon lang vilgè ».
- Anba anba, fraz ekriven an di nou gen lòt lang ki pi fasil pou w fè pwezi ladann paske yo menm yo pa lang powetik. Kidonk, gen lang ki ka fè pwezi, gen lang ki pa ka fè pwezi parapò ak karaktè yo.
- Malgre inosans elèv uityèm ane a, li pote yon diskou ki pi gran pase li nan fraz li a. Paske fraz li a di nou nan lemonn gen lang ki vilgè menm jan gen lang ki pa vilgè. Malerezman pou kreyòl la, li tonbe nan lis sa ki vilgè yo. kidonk, kreyòl la se yon lang ou pa ka ni ekri ni pale nan figi moun.
Nou pa bezwen pouse analiz la pi lwen. Men nou ka konstate de fraz yo pa gen okenn lide mechanste ladan yo. Men yo pote yon chaj sosyal ak yon diskou epilengwistik ki se kopi konfòm vizyon anpil nan nou genyen sou Kreyòl la : kreyòl la se tèl lang, li pa ka fè syans. Chimi, fizik, matematik. Mekanik. Teknoloji wòtpòt pa pou li. Kreyòl la se tèl lang, se pwezi sèlman li ka fè. Kreyòl la se tèl lang, tout sa ou di ladann gen yon kwonotasyon seksyèl. Kreyòl la se tèl lang, li toujou ap benyen nan yon diskou faktyèl. Li pa gen ase anndan pou li prije sa ki abstrè. Kreyòl la se tèl lang, li pa gen diskou repibliken. Se yon konsèy vital pou nou pa kontinye site.
Sa bay yon presipoze, moun k ap ekri an kreyòl, pa ni yon powèt, ni yon womansye, ni yon nouvelis, ni yon dramatij, ni yon dizè, elt… men pito yon moun k ap fè yon bagay ki, kit li vle li kit li pa vle li, l ap jwenn li nan yon diskou faktyèl, san nanm repibliken, san konstriksyon sosyal, boure ak kwonotasyon seksyèl. Swa li jwenn li nan lis sa, swa li jwenn li nan lis sa nou pa gentan site yo.
Pi mal la, diskou oubyen lide sa mache pran nou menm lè n ap goumen pou evite li. Boutofen, ekriven an ak fraz li a kontribiye nan repann yon diskou diskriminatwa kote, san li pa konnen, li se premye viktim nan. Malgre tout avanse syans langaj yo fè deja sou koze lang ak fonksyon langaj yo. Pou timoun uityèm ane a, yon bon pwofesè ka ede li si li prè pou li aprann.
Alòs nan demach yon panse kreyasyon ak imajinasyon ki chita sou repè, ripti oubyen koupe fache epi ouvèti, pawòl oubyen lide « kreyòl la se yon lang powetik » la lage de(2) malè pandje sou pwodiksyon literè k ap fèt nan lang lan. Nan panse nou, anndan ripvèti a, nou rele li : « kreyòl twò plen » ki ba ou :
- Difikilte pou ekriven an kreye nan lang lan paske pwodiksyon li an vin fè faskare ak mizikalite oubyen pwovizyon langajyè ki disponib nan lang lan deja.
Nan premye nivo sa, nou wè kay ekriven an yon sousi pou reyalize yon travay pwodiksyon literè kalite. Men obstak nan ki fason pou li abòde yon lang ki, pou li, gentan gen twòp pwovizyon powetik, womanès, kont, elt… paske pou li, vwa ki anndan l lan, se yon vwa ki te la deja, pwezi li vle ekri, li te ekri deja. Istwa li vle rakonte yo, yo te gentan rakonte l nan lang lan deja. Tout sa li pral manyen, pliske se nan lang kreyòl la l ap fè l, li pa orijinal, li pa kreyatif, li pa imajinè paske sa li pral fè a, lang lan genyen li deja. Epi, si li pran menm istwa li vle rakonte a, menm pwezi li vle fè a, elt… pou fè li nan yon lòt lang, enbyen pou li, li posib paske se pa kreyòl li. « Kreyòl twò plen » an la kenbe l la, epi lage li nan yon lòt bò.
Kounya, lang sila ki se lang lavi toulejou li, ki ta dwe oubyen ta ka fasilite li pou kapte tan an k ap pase a, pou lonje dwèt sou sa li konprann, pou di panse li tounen yon blokaj pou li. Sa mennen li nan anyen pa janm bon paske konfyans nan reyalite lang lan kraze konfyans ekriven li. Sa mennen li nan sa ki pi mal la, « sa pa bon paske li nan lang kreyòl », pou sa, « ban m ekri l nan lang fransè pito», elt…
- Fasilite pou annik fè kopi kole ak pwovizyon langanjyè ki disponib nan lang lan.
Nan dezyèm nivo a, diskou, lide oubyen panse « kreyòl la se yon lang powetik » ki marande ak sa nou rele « kreyòl twò plen » an fè yon lòt gwo viktim. Si premye nivo a se yon sousi kalite ki toufe, enbyen dezyèm nivo a pote kreyatè a nan afiche yon neglijans ki maske tout voum se do nan pwodiksyon li a ki lage li tèt anba nan pyèj fasilite. Silojis fasilite ekriven an ta ka chita konsa :
Kreyòl la se yon lang powetik, mwen menm mwen ekri an kreyòl, kidonk, tout sa m ekri an kreyòl powetik
Fasilite sa pa sèlman chita nan sa k ap ekri yo. Men li pran pou li tou, fason ekriven an itilize zouti lang lan dispoze yo, apwopriyasyon pwovèb yo, espresyon ki soti dwat nan kont popilè nou yo oubyen lè n ap tire kont. Sa ba nou “fouk fanm fè m fou” powetik. Chodyè prete pa bouyi pwa sèch. Powetik. Pase anwo, pase anba n a rankontre, powetik. Baton ki bat chen nwa se li k ap bat chen blan an, powetik. Lide sa tou, Mennen nenpòt ti kole de twa mo kreyòl kèk moun ta rele « kreyòl rèk[1] », nenpòt piyay yo fè sou imitasyon pale peyizan nan yon pil “ayayay” tout mo yo egal pwezi.
Nou t ap rantre nan yon pwosesis kontradiktwa si nou ta di pwovèb ak espresyon sa yo nou site la yo pa metaforik. Men yo pa mande pou yo fè yon powèm pou kont yo. San apwopriyasyon. San reveye yo nan lang lan. San pote yon diplis ni pou yo ni pou lang lan. Pi lwen toujou, pou lektè yo ki deja maton nan lang la epi kèk fwa ki pi byen konnen espresyon ak pwovèb sa yo pase nou. Fòk nou rekonèt, mwen pa premye moun ki vin kritike pati sa. Mwen sèlman ale nan sous ki mennen fasilite manfouben sila.
Alòs kreyòl la pa yon lang powetik. Menm jan anglè a pa yon lang komèsyal. Menm jan fransè a pa yon lang literè. Menm jan panyòl la pa yon lang lanmou. Menm si nan istwa lang yo li konn rive pandan yon peryòd tan yon lang konn jwenn li preske redwi nan yon itilizasyon espesifik.
Nouvo pwopozisyon « ripvèti » a, vle pou nou retire kreyòl la nan volonte nou vle kreye yon klas ak tout kategori pou kreyòl la ak pwodiksyon literè k ap fèt ladann nan. Fòk nou menm kreyatè yo dakò diskou yè ki te vle fè kwè « kreyòl la pa lang » lan pa ka lonje chèz li kounya bay yon lòt diskou ki vle « kreyòl la se yon lang apa ». Se konbat yon diskou diskriminatwa ak yon lòt diskou diskriminatwa. Ki pa yon avantaj menm jan ak premye a, menm jan nou sot moutre sa la a, pou pwodiksyon k ap fèt nan lang kreyòl la.
« kreyòl twò plen » an responsab tou yon seri ekriven ki tèlman pè lang lan k ap kanpe yon bann pèsonaj san endividyalite. Ou jwenn yon pil antam woman plen ak kliche rediktè. Yo pran yon prezantif ki gide yon chwa « Se te yon fwa, Jaklin yon tifi ki leve andeyò. Manman li pa t gen anpil mwayen. Se Jaklin ki te gadò ti frè ak sè li yo. » Antam yon woman ? Yon pil woman ak yon ekriti raz ki pa gen anyen pou yo wè ak sa womansye sila yo ap ekri nan lang fransè a. Yo avanse sou kreyòl la nan yon distans negatif, ki bay anpil kè sote pou demen kreyasyon atizay ki dwe asire nan lang lan. Poutan nou konstate menm distans sa lakay ekriven sa yo nan sa y ap ekri nan lang fransè a. Men distans sa pa ni manifeste tèt li menm jan ak nan kreyòl la ni li pa pote menm karakteristik. Nan fransè a, se yon distans ki plen respè, yon respè pou yon lang ki merite bèl pèsonaj ki enstale nan endividyalite yo epi ki p ap viv lavi lòt moun.
Oubyen nan pwezi, yon seri vè kote powèt la kole twa moso pawòl yon chan popilè : “Zili ! Zili ooooo ! fè m travèse. » « Kalfou, mwen pa manje yo, kalfou, se wè yo wè mwen ». San okenn efò apwopriyasyon. Okenn efò konstriksyon lengwistik. Okenn efò envansyon. Okenn efò imajinasyon. Li sèlman kontante li plonje tèt anba nan chan an. Nou dakò deja, pa gen pi gwo atis pase lepèp. Men pran daso sou sa lepèp fin kreye se yon lòt nivo nou ka evite rele kreyasyon powetik.
Pwopoze yon lòt panse se di kreyòl la merite plis pase sa k ap pwodwi la yo. Kreyòl la kapab ale pi lwen pase sa n ap kite la yo. Alòs ripvèti a : repè, koupe fache epi ouvèti a, rantre nan yon demach pou retire tout chay ki t ap tonbe sou do lang lan pou depoze yo dousman oubyen ak vyolans sou do sila ki pote non ekriven yo. Ripvèti a depoze li sou do ekriven an paske se pa laj lang lan ki te janm defo a. Ripvèti a resantre pwosesis kreyasyon an nan lonje dwèt sou efò ak sakrifis ekriven an deside fè pou pouse lang lan nan etònman li. Fè lang lan sezi jouk laj li pran wose. Detire l tankou w t ap ekri dènye temwanyaj k ap retire w nan lanmò. Paske kit l ap fè pwezi, woman, nouvèl, teyat, elt limit yon ekriven se ekriven an.
Estetik kreyòl ?
Estetik se rapò nou devlope ak bèlte/lèdte ki tradwi yon konstwi. Zèv literè yo menm jan ak lòt zèv atizay yo kapab mennen nou wè emosyon, sansasyon yo pouse nan nou nan degre kominikasyon yo. Sètadi nan patikilarite estetik yo ki marande ak kilti, kontèks yo. Kon sa, li klè yon moun menm jan ak yon gwoup kapab deside nan ki wout bèlte yo prale. Kidonk, estetik la pa yon boul fèmen. Se sa ki fè sa ki te estetik yè, pou yon gwoup sosyal nan yon peryòd byen detèmine kapab pa estetik jodi a pliske tan, lide oubyen panse ak moun yo chanje.
Nan liv Histoire de la littérature Haïtienne ou l’âme noire, ekriven epi kritik Duraciné Vaval ouvè chapit sou etid literati kreyòl la avèk fraz sa : « Nou ka fè yon etid enteresan sou Estetik kreyòl.[2] » Fraz sa mennen nou poze kèk kesyon esansyèl pou demach nou an. Kisa ki estetik kreyòl la ? Si vrèman ta genyen yon « kategori estetik » ki pote non oubyen adjektif kreyòl, ki kote estetik sa chita ? Ki egzanp nou ka jwenn pou fè li desann devan tout moun tankou yon rido ? Toujou nan menm demach chache konnen an, poukisa, si estetik sa egziste, li pa pote yon lòt non ?
Si « Estetik kreyòl » la tradwi yon lide oubyen yon panse kote fòm ak kontni literati kreyòl la chita sou menm pant, alòs li t ap preferab pou nou chita sou tèm « literati espresyon kreyòl/literati kreyòl »[3]. Paske la, li pa tradwi yon koze bèlte kreyòl, si nou te ka di li kon sa. Yon fason pou nou ta pi klè, li tradwi pito yon anbyans ki marande kilti, jewografi, istwa. Se tout yon pleyad ki pwente sou idantite. Oubyen tou, li ta ka konsène sèlman lang ki itilize a. Epi nou t ap oblije ap konstate lang kreyòl la ki pran tout plas lan san wete kesyon idantite a.
Men li klè pa gen yon estetik Kreyòl menm jan pa gen yon estetik fransè, yon estetik espànyòl, pòtigè, elt… paske Macbeth pa yon estetik anglè, ni Les Misérables pa yon estetik fransè. Yo se yon bann zèv literè. Malgre nou rekonèt nan istwa literè a, nou konn jwenn yon fòm kote tout moun pwente li kòm senbòl estetik la. Se menm bagay la pou yon lang. Egzanp : teyat italyen, aykou japonè,…nou ta ka site yon bann fòm estetik kote chak fwa nou tand pale de yo, premye bagay ki moute nan tèt nou se yon espas ak yon lang espesifik parapò ak deja-akonpli nan istwa yo swa nan yon tan ki depase oubyen nan yon espansyon k ap kontinye.
Estetik kreyòl pa ka kalifye travay atistik k ap fèt ni nan lang lan ni nan espas jewografik ki lònen ak kilti oubyen istwa sa. Paske avèk lide « estetik kreyòl » la se kreye yon sou-kategori pou klase zèv atistik k ap grandi chak jou pi plis kit nan kalite kit nan kantite nan lang kreyòl la ak nan espas jewografik ki marande ak istwa epi kilti pèp kesyon sa konsène yo.
Paske kenbe espresyon « estetik kreyòl » la se di nou kreye yon fason pou nou pa kite zèv nan lang kreyòl la dèyè malgre nan sa ki gen pou wè ak bèlte zèv sa yo pa pote ase fòs kreyatif pou kenbe yo nan kategori pi wo a. Anplis, kwè nan yon « estetik kreyòl » se reponn pozitivman kesyon ki ta vle fè kwè gen yon estetik ki rele yon lang chèmèt chèmètrès.
Konsèp estetik la jwenn tout sans li nan karaktè polisemik li. Men kèlkeswa sans li ta pran nan yon kontèks, l ap toujou jwe wòl poto mitan li nan tout sa ki gen pou wè ak literati ak nan tout travay atizay. Men pa gen lang ki ka di ni tèl estetik se pou li ni lide tèl estetik la pa egziste paske lang lan pa akouche okenn estetik paske l se tèl lang. Se nan zèv la estetik la ye. Se pa nan ki lang powèm nan ekri ki fè bèlte powèm nan, men bèlte powèm nan chita nan fason atizan an, kit li konsyan oubyen enkonsyan, ap marande sentaks, son epi semantik lang lan dispoze yo pou esprime bèlte a, sa nou kapab rele bagay-bèlte.
Alòs, malgre konfli ki deja ap taye banda sou separasyon jan literè yo, di kategori literè yo egziste se fòse yon pòt ki deja louvri depi byen lontan. Men pa ka gen kategorizasyon estetik sou lang ak sou pwodiksyon atizay parapò ak ni espas jewografik ni ak lang.
[1] San jijman ni kritik ni kalifikatif espresyon sa pa mache nan lide nou.
[2] Il y aurait une étude intéressante sur l’Esthétique créole. Histoire de la littérature Haïtienne ou l’âme noire P. 463
[3] san nou poko vle rantre nan konfli ki vle pou nou fè yon chwa ant literati espresyon kreyòl ak literati kreyòl.