Li plis pase klè devan je nou tout estòk efemis yo fin epwize pou pale sou sityasyon peyi a. Si yè li te posib pou nou di: peyi a ap mal mache, jodi a pa gen okenn mwayen, okenn figi estil pou fè jwèt ak mo yo pou lonje dwèt sou eta nou.

Granmoun ki gen sans memwa, nan lide pou pa ni choke moun ni fè wout twò long souvan di yè te pi bon. Kondisyonèl ou pa, èske nou kondane pou n repete fraz sa? Fèmen pou kout bal, pandan nan liy Dèlma yo, yon galon dlo ki swadizan potab pase nan yon pri doub. Yèswa pitit vwazin ki pi pre m nan pase nuit lan ap kriye paske l pa ka tande bal. Chak bal ki tire, timoun nan pete yon rèl detrès. Kisa yon timoun fè pou l pa ka menm dòmi nan inosans li, nan lapè? Ki lwa ki vle pou soufri twomatis se sèl gou lanfans li?

Pandanstan, yon Premye Minis ki pa ni Premye ni Minis nan aksyon tankou nan pawòl ap swete zanmitay radyo l « joyeux anniversaire ». Pa gen plas nan bouch li pou moun sa yo k ap kouri kite kay yo anba bal pou ale dòmi anba lapli, sou galri bon pwochen. Paske deviz rejim nan senp: mwen Premye minis, mwen premye minis nèt. Kit nou vle l. Kit nou pa vle l.

Chif yo bay anviwon 4 000 prizonye lage pye yo pandan minis Jistis ak Sekirite Piblik la ap flannen. Komisarya boule. Polisye mouri. Chak kwen Pòtoprens gen yon kadav ki nan kous ak move sant. Chak riyèl, kote ki gen kèk moun toujou, se yon baryè. Men mwen minis, mwen minis nèt. Kit nou vle l. Kit nou pa vle l. Kit m ap travay. Kit m ap kale wès. Esplikasyon pa pou mwen. Demisyon pa pou mwen nonplis.

Mache klewonnen « lekòl pa ka tann », jodi a, tankou lòt la ta di : « lekòl la sou mouda. » Pou kilè? Pou konbyen jou? Ki plan redresman ak ratrapaj? Kwèkwèdèk!!! Kanmenm, mwen minis, mwen minis nèt. Kit ou vle l. Kit ou pa vle l. Demisyon pa pou mwen. Esplikasyon pa pou mwen. Bilan pa pou mwen. Tout bagay mèt ale jan yo vle, depi m minis.

Aswè a mwen pral dòmi (si m jwenn chans dòmi depi lontan dòmi m te toujou sou revèy kout bal.) ak imaj zanmi m nan ki kouri twa fwa deja pou bal gang e jodi a li pa konnen si l p ap kouri pi rèd toujou. Kisa li te genyen? Ak kisa l gentan kouri? Kisa l rete pou l viv? Kijan lavi li ye jodi a?

Yon jou n ap gen pou n fè dekont yo. Gen maladi ki pa pou jodi a. Gen maleng ki p ap gentan koud. Maladi derasinen nan katye lanfans ou, maladi sibi kadejak. Fanm kou gason. Fanmi w ak zanmi w k ap mouri epi pase plis pase yon jou atè. Epi chak moun ki pase vin di w : mwen wè kò a, wi. Maladi sa yo pa janm geri.

Fòk te gen yon peyi yo rele Ayiti pou n te konnen maladi chèf pa janm geri. Fòk se mwen. M fè twòp. Anyen pa ka anyen san mwen. Si byen an pa ka mwen, m ap fè mal la vin pi mal.
Mwen menm senp sitwayen. Doulè m se pa ni gang yo ni pouvwa/rejim sa. Paske youn konn manje kay lòt, yo se kòkòt ak figawo. Men pito, se peyi a yo fouye nan mitan yo de a k ap manje nanm mwen.

Crédit photo : Jean Feguens Regala