San ak lanmò se youn nan tematik ki plis domine literati (pwezi) ayisyen lang kreyòl la. Prèske pa gen yon rekèy ki pibliye san tèm sa yo pa ladan l sou yon fòm oubyen sinonim, tèm varyan, non konpoze, ki mache ak menm referans/senbolis la : kout dan, twou san, rache, blese, wouj, twou bal, elatriye. Reyalite yo dekri yo byen souvan marande swa ak lanmò oubyen lavi. Sa mennen poze kesyon si pwezi ayisyen lang kreyòl la pa, nan yon sèten nivo, yon pwezi antwopofaj oubyen kanibal. Lide atik sa a se pou pote yon repons negatif parapò ak kesyon ki poze pi wo a.
Kanibal, nan lide atik sa a, n ap ekate pis ki bay nan langaj popilè nan lang kreyòl la yon definisyon kote kanibal ta vle di delenkan, yon moun radi ki pa respekte ni kwa manman ni kwa papa, yon moun wa pa papa l prezidan pa bòpèl[1] ; pou Nicole Sindzingre[2], pwofesè ki an chaj rechèch nan Sant Nasyonal pou Rechèch Syantifik ( Centre National de la Recherche Scientifique) tèm « kanibalis » la fòme nan fen XVIIIèm syèk la. Li soti nan « cannibale » ki soti nan lang espayòl nan « caníbal », ki se yon alterasyon mo « caribal », ki vle di « radi » nan lang pèp Karayib ki t ap viv nan pati mond ki vin rele pita Amerik aprè dekouvèt Kristòf Kolon (Chrsitophe Colomb) nan lane 1492. Toujou selon pwofesè Nicole Sindzingre, nan sans figire mo a li vle di « moun anraje epi kriyèl » ki gen definisyon zak manje vyann moun ki mache ak yon rityèl e rityèl la se yon enstitisyon. « Alòs, antwopofaji a se zak manje moun tandiske kanibalis la li menm se yon enstitisyon sosyal ki gen pou règ enpòtan patisipasyon tout moun. » (Sindzingre 2009)
Si n konsidere Manifès Antwopofaji[3] ekriven Brezilyen yo, lide Oswald de Andrade, chèf defil mouvman an, pa twò diferan de Sindzingre. Pou li, antwopofaji a se pou pran/asimile fòs ak tout sa ki benefik nan lòt la. Tandiske, kanibalis la se fini ak kò a nèt san kite tras. « Se sèl antwopofaji ki marande n ansanm. Sosyalman. Ekonomikman. Filozofik. man. » (tradiksyon) [4]
Ni nan youn ni nan lòt, nou pa rive wè pwezi ayisyen nan lang kreyòl la. Menm si dekont kantitatif sou mo san/kadav, mò oubyen tout sa ki gen menm rapò ak san repete nan kat tèks avèk twa jenerasyon ekriven diferan nou chwazi san okenn konsiderasyon.
Biswuit Leta[5] 17 fwa (preske sèlman « san »)
Depale[6] 45 fwa ( preske sèlman san/ lanmò/blese)
San[7] 88 fwa (san/kadav/lanmò/blese)
Krèy Bòbèch[8] 12 fwa (san/blese/emoraji)
Paske swaf oubyen fòs ki gen nan lòt kò a esprime byen klè ak kisa antwopofaji sanble nan vè powèt Giyanè Léon-Gontrand Damas ki ekri:
“Anyen
Paka rive kalme layèn mwen
Apre yon ma dlo san […]”[9][tradiksyon][10]
Epi tou, toujou nan yon etid konparatif, mas san ki prezan nan pwezi ayisyen lang kreyòl, apre Léon-Gontrad Damas, konparab sèlman ak powèt Aimé Cesaire ki, li menm tou, tout zèv li ap benyen nan yon lanmè san. “Eske nou remake ase nan zèv ou (Aimé Césaire) pa gen yon grenn powèm, okenn nan pyès teyat ou yo, pou mo “san” ak “wouj” pa p plede vini ak yon pèsistans e yon entansite ki ka fè yon lektè ki pa sou men l pè?” (Raphaël Confiant: 1993)[11]
Kidonk, avèk yon lejitimite wotpòt, nou ka afime mas san k ap koule nan majorite zèv nan pwezi kreyòl ayisyen an, se yon mas san pwezi a ap reklame, reklame nan denonsyasyon yon fòs opresif ki nivo kanibalis li a depase tout sa moun taka rive panse: Leta. Tout sa ap pwouve byen klè, si nou kontinye demach nou an ak menm ti kantite zuit nou te kòmanse a. Nan Pye devan ak pye dèyè[12] Georges Castera ekri:
“Dèyè do m,
Se ou ki la an do-mi-la
Men dèyè do Fò Dimanch,
Se lanmè k ap rele
Tankou yon chen k blese.”
Konparezon ant Fò Dimanch ak chen k ap rele a raple nou sa enstitisyon sa te ye sou rejim diktati bout di Duvalier yo. Ki rete nan memwa kolektif la kòm yon simityè pou tout opozan ak rejim nan pandan tout tan rejim nan te fè kanpe a. E li enpòtan tou pou nou gade nan avandènye vè a imaj lanmè k ap rele a. Nan demach etid siyifyan-siyifye, asosyasyon lanmè ak Fò Dimanch lan paka ni inosan ni yon senp figi estil lè nou konnen kisa figi lanmè reprezante an tèm kantite ak pwofondè e lè n konnen tou istwa pa gen achiv sou kantite egzat nanm ki peri nan Fò Dimanch. Sa mennen nou mande tèt nou èske se pa tout vwa anonim sa yo ki vin rasanble nan twa vè sa yo ki, dayè kontektyèlman, fini ak twa mo ki gen rapò ak doulè, soufrans, tòti, kraze zo: Fò Dimanch, rele, (nan plas sa, rele pa rele tankou yon moun ta rele yon lòt, men pito yon rèl pou di gen yon kò ak yon nanm k ap soufri. E twazyèm tèm nan vin konfime sa.) blese.
Jean Pierre Richard-Narcisse ak Lyonel Trouillot ranmase tout peyi a depi nan baz li jouk nan jewografi l nan Depale. Nan premye pati liv la Chan pou 4 kòd, Jean Pierre Richard-Narcisse ekri nan powèm Chan bouretye refi sijè k ap pale a pou pliye l anba egzijans reyalite a ak kondisyon lavi a ofri l:
« m pa pot bourèt pou m bwote san
lavi isit
anba recho
m pa pot bourèt pou m bwote san
lavi isit
vanse mouri
si chan n kraze l tounen zenglen
m pa pot bourèt
pou m bwote oooo
anba pla pye n pa p senyen san ».
Fòk nou remake renfòsman ak « san » ki vini apre vèb « senyen » an ki ta dwe vle di tout bagay. Men ou ta di vèb la pou kont li pa sifi pou konble egzijans pou di tout reyalite a konplètman, men powèt la ajoute « san » dèyè pou pentire reyalite ak yon gwo kouch makawon.
Powèt Jeudinema nan Krèy Bòbèch nan yon powèm flèv marande yon dividal enonse definitif pou di peyi a k ap chache wout depi nesans li nan yon « mwen » ki tanto « mwen » ki tanto « nou » :
« Pitye m pa gen non
Ki plante elan pèp
Nan tranbleman
Tè k ap gouye
Jan san bouyi »
P 40
« kote m senyen an
Pa vann chok an detay… »
p. 41
« Nan teyat vlen
San moute anba po »
p. 47
« Machann ponya
Pase desann kou laterè
Ak men l plen san »
p. 48
« Nou penn konsyans
Ant vwa blese
Ak dout kolektif »
p. 48
Nan tout twa tèks nou eseye analize la yo, pa gen youn ki rive charye sa San liv powèt Bonel Auguste la rive fè. San ranmase tout san ki pou fè yon jwèt memwa. San timoun. San granmoun. San moun ki gen non tankou anonim. Li anpile tout nan yon menm kwen pou pèson pa janm bliye yo. Tankou li ta vle raple espas la defèt li lejou l ta rive bliye san sa yo.
« Depi m ap ekri
Men m plen san
San Jacque. s Stephen Alexis
K ap swente
Nan chak pyebwa mizisyen
San Magloire Saint-Aude
San Carl Brouard
San Gary Augustin
Ki te kwè alkòl ka geri maleng anndan
Depi m ekri men m plen san
Se san ki fleri mo m yo
Tankou yon gwo pyebwa
Mo m yo pran pou repozwa”
Boutofen, li plis pase yon verite pwezi ayisyen nan lang kreyòl la ap benyen nan san. Men nou eseye moutre se pa janm yon san ki konsome. Men pito se yon san pwezi a vin revandike pou di fòs represif ki anfas la li se yon fòs kanibal, yon fòs ki bezwen san malere, san ouvriye, san sanvwa, kit literalman kit nan nenpòt sans figire tèm nan ta egzije itilizasyon li sou mizere yo pou l ka asire perenite l antanke sistèm kanibal epi antwopofaj.
Biblyografi
CAIRN.INFO
Academia
Le Manifeste de l’Anthropophagie, 1928
Biswit Leta 1980, reyedisyon Rabouch, 2012/ Edisyon 2017, Atelier Jeudi Soir
San, C3 éditions, 2020
Depale, Atelier Jeudi Soir, 2017
Pigments, Presence africaine, 1972.
Biswit Leta, 1980
[1] Ekspresyon popilè
[2] This B, (2009) Nou eseye tradui l an Kreyòl Ayisyen.
[3] Le Manifeste de l’Anthropophagie, 1928
[4] « Seule l’anthropophagie nous unit. Socialement. Économiquement. Philosophiquement. » (Manifeste anthropophage)
[5] 1980, reyedisyon Rabouch, 2012
[6] Edisyon 2017, Atelier Jedi Soir
[7] C3 éditions, 2020
[8] Atelier Jeudi Soir, 2017
[9] Pigments, Presence africaine, 1972.
[10] Et rien
Rien ne saurait autant calmer ma haine
Qu’une belle mare de sang […]
[11] Aimé Césaire Une traversée paradoxale du siècle, Stock, 1993, « A-t-on -suffisamment remarqué qu’il n’y a pas un seul poème, une seule pièce de théâtre de vous, dans lequel les mots « sang » et « rouge » ne reviennent avec une lancinance qui peut effrayer le lecteur non averti ? »
[12] Biswit Leta, 1978